"Apre Tribilasyon An" ("After the Tribulation" with Haitian subtitles)

Watch Video

October 13, 2015

Jou ki te 11 septanm 2001 an, lemond te chanje. "Peyi libète a" vin tounen

peyi yo mete ann esklavaj la. Pèp peyi ki nan tan lontan se te Etazini chaje ak glwa a, pèp sa a te twoke libète li pou

sekirite. Men èske tout bagay sa a yo te fèt ekspre? Jou ki te 7 desanm 1941 an, yon dat k ap rete asosye pou tout tan

avèk yon aksyon san onè. Yo te atake Etazini Amerik toudenkou e se yon bagay ki te fèt ekspre.

Gen anpil kesyon moun kontinye ap poze osijè evènman ki te rive jou sa a, jou aksyon san onè sa a. Men gen yon bagay

nou konnen ki sèten: atak ki te fèt pa sipriz sou Pearl Harbor la deklannche yon chèn evènman

ki petèt pral mennen nou nan yon gouvènman mondyal inifye.

"Japon te kòmanse gè sa a ak yon trayizon. Nou pral fini l ak yon viktwa."

Apre dezyèm gè mondyal la, ONU te kreye epi kous kouri an direksyon yon sèl

gouvènman mondyal la te akselere. Chak gè rapwoche nou yon tikras plis de sa Bib la

rele "lafen di mond". Yo mete pwen kontwòl an plas toupatou, eta polisye a

ranfòse pouvwa li sou pèp ameriken an. Epi pou moun ki konprann

pwofesi biblik la, sa ki vini apre a pa p son sipriz.

Yon jou, nan tan k ap vini yo, Bib King James lan Deklare ke tout moun sou latè pral

oblije pran yon mak pou yo kapab achte ak vann. Pandan sistèm ekonomik aktyèl nou an ap tonbe plat atè

epi teknologi ap avanse, lajan likid ap vin tounen yon bagay tan ansyen. Reyalite yon sosyete san lajan likid,

se yon bagay ki pa lwen ditou. Alaverite, yo deja ap mete li an plas. Malgre anpil chèf relijye ap demanti sa,

gen yon seri de moun malveyan k ap travay sou Pou etabli yon Nouvo Lòd Mondyal. Nou

kapab wè fen an k ap pwoche byen vit epi teren an ke y ap prepare pou antekris la vini.

Nou ka tande vwa moun k ap boulvèse Konstitisyon Etazini nou an epi fè pwomosyon sistèm

gouvènman mondyal sa a. "... yon nouvo lòd mondyal ..."

Avèk tout bagay sa a yo ki tou pre, fim sa a pi enpòtan ke jamè. Satan

ap travay anba anba pou mete kanpe yon gouvènman mondyal inifye ak yon relijyon mondyal inifye

kòm preparasyon pou antekris la. Li twonpe Kretyen evanjelik modèn yo tou

lè li fè yo kwè yo ke yo pral retire yo sou tè sa a anvan Gran Tribilasyon an

rive. Doktrin sa a, ke yo konnen sou non "anlèvman anvan tribilasyon”, li anseye ke Kris la kapab retounen

nenpòt ki moman, e pa p gen okenn siy ke l ap vini. Kòm yon konsekans de twonpri sa a,

pifò kretyen yo pa prepare ditou pou sa Bib la te avèti nou ki pral vini an.

Malgre ekriti yo deklare byen klè nan Matye , ak lòt kote, ke anlèvman an ap fèt

APRE TRIBILASYON AN, yon seri predikatè ki gen gran renome, yon seri Lekòl biblik, ak yon seri fim popilè tankou

“Left Behind” (lese dèyè) anseye mas yo ke yo dwe atann yo aske anlèvman an kapab rive nenpòt ki lè.

Epi paske pifò Kretyen yo pa janm li Bib la ann antye poukont pa yo, se yon tikras ki konnen

ke anlèvman anvan tribilasyon an se yon fwod ki pa egziste nan Ekriti a. Men, si anlèvman anvan tribilasyon an

se pa nan Ekriti a li soti, ki kote li soti?

Pastè Anderson: Yo rele m Steven Anderson, mwen se pastè Faithful Word Baptist

Church (Legliz Batis Mo Fidèl) nan Tempe, Arizona, e mwen an misyon pou fè edikasyon moun yo osijè anlèvman

anvan tribilasyon an paske se yon pozisyon ki fonde sou inyorans, epi mwen tou senpleman kwè ke si

moun yo ta wè Ekriti yo, epi wè fè yo, li pa ta p difisil pou yo

pou yo vin konpran ke anverite anlèvman an vini APRE TRIBILASYON AN.

Pastè Jimenez: Yo rele m Roger Jimenez. Mwen se pastè nan Verity Baptist Church (Legliz Batis Verite) nan

Sacramento, California. Mwen te grandi nan yon fanmi kretyen epi yo te anseye mwen anlèvman

anvan tribilasyon an pandan tout vi m, e mwen pa t janm gen yon rezon pou m mete li an kesyon Predikatè yo te anseye li, epi

mwen te tou senpleman pran li pou sa li te vo, men pandan ke mwen te ekspoze a doktrin sa a, mwen te kòmanse

wè kouman li te kontrè a sa Bib la di, epi ke nou dwe anseye

Bib la epi devwale laverite.

Pastè Anderson: doktrin anlèvman anvan tribilasyon an, li relativman nouvo. Pa gen okenn prèv

ke yo te anseye l anvan .

Pastè Jimenez: Nou dwe konprann ke ane yo se yon epòk ki byen ta nan listwa. Pandan dè santèn

ane depi tan Kris la, nou te gen Refòm lan, nou te gen tout

kalite teyolojyen - ke w dakò oswa pa dakò ak moun tankou Martin Luther, oubyen

Jean Calvin, oubyen kèlkeswa moun nan, reyalite a sè ke dè milye liv, dè milye papye, dè milye

esè, ak anpil anpil prèch te fèt anvan ,

Pastè Anderson: Epi m ap di ke pa gen okenn prèv de yon moun kèlkeswa denominasyon li,

kèlkeswa kalite Krisyanis la, ki te anseye doktrin sa a.

Pastè Jimenez: Lè w gade eleman istorik yo, ou dwe poze tèt ou kesyon an,

"Ki orijin anlèvman anvan tribilasyon an? "

Doktè Roland Rasmussen: Youn nan premye patizan anlèvman anvan tribilasyon an, se te yon nonm ke yo te rele

John Nelson Darby. Nan ane yo, li te kòmanse anseye doktrin de sa li te rele

"Anlèvman Sekrè a. " Pi ta, li te devlope pwòp tradiksyon pa li de Bib la kote li

te retire dè vèsè antye, e li te pèvèti sèten doktrin Biblik enpòtan, epi fè magouy nan

sèten pasaj enpòtan konsènan dezyèm vini Jezikri a. John Nelson Darby, ke yo konnen kòm "Papa

Dispansasyonalis Modèn nan," te fè pwomosyon teyori sa a de yon anlèvman anvan tribilasyon pandan tout

diznevyèm syèk la. Pi ta anlèvman anvan tribilasyon an te vin jwenn yon gran akseptasyon nan mitan

Batis yo lè Oxford University Press te pibliye Scofield Reference Bible la (Bib Referans Scofield la), ki te genyen

ladan kòmantè ki te fè pwomosyon konsèp anlèvman sekrè Darby a. Kòmantè sa a yo te lakòz anpil

Kretyen anbrase doktrin sa a kòm si se Bondye menm ki te di sa.

Pastè Anderson: Dyab la te itilize zouti sa a ki se Sistèm Referans Scofield la

pi plis pase nenpòt ki lòt bagay pou fè pwomosyon doktrin anlèvman anvan tribilasyon sa a. Ou vle konnen

ki kote li soti? Se konsa li te antre nan legliz yo. Se la pastè yo

jwenn li. Se pa nan Bib la li soti. Se sèten ke se pa nan bouch Jezikri li soti!

Men, se nan bouch Scofield li te soti. Kòmantè Scofield yo mennen nan direksyon yon anlèvman anvan tribilasyon,

epi yo kondi lektè a pou l kwè ke anlèvman anvan tribilisayon an nan ekriti a alòske alaverite li pa ladan

ditou. Konsa, paske yo te voye Bib Scofield la bay sitèlman anpil seminè ak kolèj,

epi sitèlman anpil jèn predikatè t ap li Bib Referans Scofield la, yo te kòmanse

pran anlèvman anvan tribilasyon an kòm yon fè epi yo te kòmanse preche li.

Doktè Roland Rasmussen: Yon seri fiksyon osijè anlèvman ki ta kapab fèt a nenpòt ki moman an

te rive jwenn jenerasyon ane swasanndis yo atravè fim Don Thompson yo.

Dr Roland Rasmussen: Triloji fim sispenns Thompson yo te jwe yon wòl enpòtan nan andoktrinman

yon nouvo jenerasyon adolesan. Depi premye sòti li, plis pase milyon moun wè fim sa a, "Yon vòlè nan

lannwit la. " An , Tim Dalehouse pibliye woman apokaliptik Tim LaHaye ak Jerry Jenkins la,

"Left Behind."

Pastè Anderson: Se yon seri fiksyon ki dekri disparisyon moun, epi pèsonn pa

konnen ki kote yo ye. Machin ap fè kolizyon youn ak lot; avyon ap tonbe kraze paske

pilòt la disparèt, epi prezantasyon dramatik sa a de anlèvman anvan tribilasyon an vin tounen

yon pati nan kilti Ameriken an, epi moun yo jis aksepte li kòm laverite, epi ... se yon

fim idyo.

Doktè Roland Rasmussen: Yo vann plis pase milyon egzanplè Left Behind nan lemond epi

Left Behind bay nesans a yon seri liv, epi twa adaptasyon nan sinema jiska jounen jodi a. Men, Left Behind se yon

travay fiksyon. Pou konn laverite sou anlèvman an, nou dwe gade andedan

Bib la menm.

Sèn - Tesalonisyen ak Matye

Pastè Anderson: Tesalonisyen chapit se pasaj kle anlèvman an.

Pastè Jimenez: Epi nan Tesalonisyen chapit , nou jwenn pwobableman tèks ki pi popilè konsènan

anlèvman an.

Pastè Anderson: Nenpòt ki moun ap dakò ke pasaj sa a ap pale de anlèvman an. Se

ansèyman ki pi klè nan Bib la sou fason Jezi ap retounen nan nyaj yo, epi kouman yo pral anlve nou

ansanm pou rankontre l. Bib la di nan vèsè :

( Tesalonisyen :) " Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo,

mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. "

( Tesalonisyen :) "Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou,

se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi."

Pastè Anderson: Konsa, sa li di la a sè ke li pa t vle pou yo inyoran

osijè Kretyen yo, kwayan ki te mouri yo, sila yo dòmi pran yo nan Jezi, sila yo ki

deja pati al jwenn Seyè a. Li di, Mwen pa vle pou nou inyore sa frè

paske mwen pa vle pou nou gen lapenn tankou sila yo ki pa gen espwa. Mwen vle nou konnen ke

nou pral wè moun nou te renmen yo ankò si yo te sove. Nou pral wè yo ankò

paske Bib la di ke lè Jezikri ap retounen, li pral mennen yo tounen

avèk li. Moun ki te mouri nan Kris yo va resisite an premye, epi sa va kontinye nan menm sans lan. Se poutè sa li di nan vèsè

:

( Tesalonisyen :) "Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo."

Pastè Anderson: Se poutèt sa pasaj sa a popilè anpil nan fineray.

Mwen ale nan anpil fineray kote moun yo ap konsole youn lòt ak pawòl sa a yo. Se konsa, avi,

Nou dwe note ke nan chak grenn vèsè li soulinye lefèt ke nou pral rewè moun sa a yo ki

te mouri.

( Tesalonisyen :) "Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou:

Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan

ki mouri deja yo."

( Tesalonisyen :) "Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a:

epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan

an premye."

( Tesalonisyen :) "Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete

nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a."

( Tesalonisyen :) "Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo."

Pastè Anderson: Kidonk, si nou konprann kontèks la, Konsolasyon an sè ke ou pral rewè moun

ou te renmen yo ankò. Li di, Ou pral rewè yo ankò paske si nou kwè ke Jezi te mouri epi

resisite, menm jan an Bondye ap mennen vini sila yo ke dòmi te pran yo nan

Jezi. Yo pral resisite. Moun ki mouri nan Kris yo va resisite an premye. Li di,

"Konsole youn lòt ak pawòl sa a yo." Pa gen konsolasyon nan pawòl sa a yo: ou va

chape anba pèsekisyon. Yo pa p pèsekite w. Ou va chape anba

tribilasyon. Ou va chape anba soufrans. Ou pa p soufri. Èske

pasaj sa a menm mansyone tribilasyon an? Èske yo mansyone yon bagay konsènan tribilasyon an?

Non. Li pa di, "Konsole youn lòt dèske nou pral chape anba tribilasyon. Konsole

youn lòt dèske yo p ap pèsekite nou. Konsole youn lòt dèske gen yon anlèvman anvan

tribilasyon an." Se pa sa li di!

Pastè Jimenez: Koulye a, lè nou gade nan pasaj sa a, nou wè kèk karakteristik

de anlèvman an ki pral ede nou idantifye anlèvman an nan lòt pasaj nan Bib la. Mwen ta renmen

ke nou konprann kisa anlèvman an gen ladan l. Si nou gade nan vèsè la,

li di, "…epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la ... " Konsa, premye bagay nou bezwen

konprann sou anlèvman an, sè ke Seyè a pral desann sot nan syèl la ak yon gwo rèl (n'a tande yon gwo lòd pase)

epi ak vwa akanj lan, epi mwen vle nou pran nòt de sa, "ansanm ak

kout klewon Bondye a." Se dezyèm karakteristik mwen ta renmen nou note konsènan anlèvman an.

Seyè a va desann, pral gen kout twonpèt (klewon) Bondye a, epi Bib la di, "Moun ki te mete konfyans yo

nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, Note

mo sa a yo: " y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo…" Kidonk, lè anlèvman an rive,

dapre Tesalonisyen chapit , karakteristik anlèvman yo se:

. Seyè a Desann . Kout Twonpèt . Y'ap vin pran nou, y'ap mete nou sou nwaj yo.

Pastè Jimenez: Y ap vin pran nou (anlve nou) ansanm pou n al rankontre li nan nyaj yo.

Pastè Anderson: Tounen nan Matye epi wè egzakteman menm eleman yo nan Matye : -.

Gade nan Matye :, "Kou jou lafliksyon sa yo fin pase,…" Pafwa

mwen anvi mande moun yo "Ki pati nan mo APRE a nou pa konprann nan pasaj Labib sa a? "

Men sa ki di:

(Matye :) "Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò,

lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo

ki nan syèl la va pran tranble."

(Matye :) "Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen.

Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ["Moun Bondye voye nan lachè a" Se yon non

ke Jezi te konn bay tèt li pandan li te sou tè sa a] ap vini

anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.

(Matye :) "Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè

pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la."

Pastè Anderson: Tout eleman yo menm! Jezi ap vini nan nyaj yo. Yon twonpèt (klewon) sonnen.

Li voye zanj li yo pou rasanble moun li chwazi yo.

Pastè Jimenez: Rezon ki fè mwen montre ou sa a sè ke mwen te vle ke ou konprann ke nan

Matye : -, nou wè anlèvman an, epi lè nou konpare l avèk Thessalonians : -,

sa koresponn egzakteman.

Pastè Anderson: Kenbe dwèt ou la, epi ale nan Mak . Mak di esansyèlman

menm bagay sa yo ki di nan Matye . Se sa nou ta ka rele yon "pasaj paralèl." Nou

jwenn menm predikasyon an, menm ansèyman an nan de pasaj sa a yo. Ou ka mete yo kòt

a kòt. Yo di menm bagay yo. Kite m montre nou li nan pasaj sa a. Li di nan

vèsè :

(Mak :) Men nan tan sa a, jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò,

apre lalin lan p'ap bay limyè.

(Mak :) Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la

va tranble.

(Mak :) Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa

nan mitan yon bann bèl bagay.

(Mak :) M'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun

Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

Pastè Anderson: Koulye a, nan pwen sa a nou ta kapab jis lapriyè epi ale lakay nou. Nou ta dwe sèlman kapab

fèmen Bib nou an, epi di, "Se bon, nou konprann zanmi yo. Se APRE TRIBILASYON AN,” epi

jis fèmen Bib nou yo epi ale lakay nou. Men non, nou pa p fèmen Bib nou yo epi

ale lakay nou paske mwen pral pwouve nou epi montre nou ke se sa ap pale de

anlèvman an, e ke sa di ke li fèt APRE TRIBILASYON AN.

Sèn - Matye pa ap pale avèk "Jwif yo" sèlman.

Pastè Anderson: Anpil moun pral atake chapit sa a pandan y ap di, "Ou pa ka tire

doktrin ou an nan Matye paske Matye se ak Jwif yo sèlman l ap pale." Yo pral

jis rejte pasaj sa a pandan y ap di, "O, sa a se pou Jwif yo sèlman. " Gen kèk save

yon kote ki te deside ke liv Matye a aplikab pou Jwif yo, levanjil Mak la pou

Women yo, levanjil Lik la pou Grèk yo, epi levanjil Jan an pou tout rès mond lan. O,

mèsi Bondye, poutèt ou mete nou nan omwen youn nan kat levanjil yo! Men, ki moun ki vini avèk

bagay sa a? Petèt ke Matye konsantre li sou Jwif yo. Petèt ke Lik konsantre li sou

Grèk yo. Petèt ke lèt Pòl te voye pou Efezyen yo te konsantre l sou Efezyen yo. Kisa nou panse de sa?

Petèt lèt la nan Pòl nan Ebre yo te oryante nan direksyon Ebre a. Petèt ke lèt

Pòl te voye pou Tesalonisyen yo te konsantre l sou Tesalonisyen yo, men chak pwomès nan

Ekriti a se pou mwen! Chak chapit, chak vèsè, chak liy! Liv Tit la pa t fèt pou

pou Tit sèlman! Li t ap yon liv ki gen yon egzistans tou kout! Chak pastè dwe li yo. Chak

kwayan dwe li yo. Se Nouvo Testaman an!

Pastè Anderson: Men, yo pral di, "Non, Pastè Anderson, ou pa konprann.

Yo te fè prèch sa a ann antye sou Jwif yo, bay Jwif yo, pou Jwif yo. Jezikri

t ap preche Jwif yo sou Mon Olivye a (se bèl ti non teyolojik yo bay

pasaj sa a). Pastè Anderson, li t ap pale ak Jwif yo! Ou pa konprann? Lè li te di

nan Mak :, Apre tribilasyon sa a, epi li t ap pale osijè Jezi ki t ap vin nan nyaj yo

nan vèsè , epi rasanble moun ki chwazi yo nan vèsè , depi yon bout tè a,

jouk nan dènye bout syèl la, sa konsène Jwif yo sèlman." Oke, annou gade nan

dènye vèsè a nan Mak : Sa m di nou la a, mwen di l pou Jwif yo sèlman. Pa kite

ankenn predikatè eseye di nou ke se pou tout kwayan yo. Li pou Jwif yo sèlman. Èske

se sa Mak chapit vèsè di? Non! Li di:

(Mak :) Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Pastè Anderson: Se dènye vèsè chapit la.

(Mak :) Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Pastè Anderson: Poutan, gen moun k ap kontinye panse menm jan an e ki ap di, "Chapit sa a se pa

ak tout moun l ap pale. Se ak Jwif yo sèlman l ap pale." Se kòm si l te konnen se sa moun yo te

pral di. Konsa li di nan fen an. Mwen pa p pale ak nou sèlman. M ap pale

ak tout moun lè m di: "Pa kite dòmi pran nou". Se pou tout moun. Li ridikil pou yon moun di ke chapit sa a ap pale

ak Jwif yo sèlman alòske li di:

(Mak :) Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Pastè Jimenez: Souvan moun k ap li Matye : -, yo di, "Oke,

menm si li sanble ak anlèvman an, e menm si li sonnen tankou anlèvman an, se

pa anlèvman an." Men poukisa yo di se pa anlèvman an:

Nan vèsè , men sa ki di: "Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo

nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo... " Lè sa a, moun yo va li

mo sa a, epi yo pral di, "Gade la a, mo 'chwazi' a se pa pou Kretyen. " Yo pral di,

"'Moun Bondye chwazi yo' se pèp Izrayèl la. Se poutèt sa Matye se pa anlèvman an. Li pa pou

Kretyen yo. Tout chapit sa a se pou Jwif yo paske l ap pale de moun Bondye chwazi yo. "

Men kisa pwoblèm lan ye: nou ta dwe toujou pèmèt ke Bib la se pwòp diksyonè pa l.

Pastè Anderson: La a, mwen gen yon lis tout kote yo itilize mo "chwazi” a. Mwen pa pral

li tout lis la paske nou pa gen tan, men mwen ta kapab ale chak kote yo itilize

mo "chwazi" a epi montre w ke chak fwa, se de moun ki

sove yo l ap pale.

Pastè Jimenez: Rezon ki fè moun yo panse ke mo "chwazi" a ap pale de "Jwif" yo, oswa ap pale

de "pèp Izrayèl la," sè ke olye yo etidye Bib la, olye yo li Bib la,

yo li komantè epi yo yo li liv ke lèzòm ekri, epi

se lèzòm sa a yo ki di yo kisa "chwazi" vle di. Bib Referans Scofield la

gen yon kòmantè nan Matye ki di ke mo "chwazi" a fè referans a "pèp Izrayèl la." Men,

Bib la defini tèt li poukont li, epi Bib la ban nou repons pou tout kesyon doktrin

nou genyen. Mo "chwazi" a, si w etidye l nan Bib la, se pa pou Jwif yo sèlman li ye.

Pastè Anderson: Pou ban nou yon apèsi rapid, nan Tesalonisyen :, men sa ki di:

( Tesalonisyen :) Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li.

Pastè Anderson: ... pandan y ap pale ak Tesalonisyen yo ki pa te Jwif, men ki te moun yon lòt nasyon. Nou te wè l nan Women

:

(Women :) "Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!"

Pastè Anderson: Sou sitasyon mo "chwazi" a nan Bib la, mwen jwenn ki konsène

tout kwayan yo an jeneral, de nan yo konsène kwayan ki se espesyalman moun ki pa Jwif, moun lòt nasyon,

youn nan yo konsène kwayan ki Jwif, de nan yo konsène Jezikri menm,

epi youn nan yo fè referans a Jakòb, moun nan, antanke moun Bondye chwazi. Mwen pral ba nou yon

vèsè ki montre klèman ke mo "chwazi" a pa vle di "Izrayèl" poutèt moun yo di

"Moun Bondye Chwazi yo? Se pèp Izrayèl la. Se Jwif yo."

(Women : ) "Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo,

se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di"

Pastè Anderson: Kidonk, Bib la di, pèp Izrayèl la pa jwenn; moun Bondye chwazi yo jwenn. Si pèp Izrayèl la

se te moun Bondye chwazi yo, pawòl sa a pa ta p gen okenn sans.

Pastè Jimenez: Nan tout Ekriti a li byen klè, si nou pèmèt ke Bib la defini sa

poukont li, ke "moun Bondye chwazi yo" se pa Jwif yo, ke "moun Bondye chwazi yo" se pa pèp Izrayèl la,

moun Bondye chwazi yo se kwayan yo. Yo ka soti nan Azi minè; yo ka Grèk; yo ka

moun sovaj; yo ka nenpòt ki moun. Si w aksepte Kris, si w se yon nouvo

moun, nou kapab konsidere kòm moun Bondye chwazi yo. Se konsa, lè nou retounen nan Matye , men sa ki di:

"Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye

te chwazi yo," sa ki koresponn egzakteman avèk pasaj Labib la, piske y ap pale la a de anlèvman

kwayan yo.

Pastè Anderson: Sa pa gen anyen pou wè avèk lefèt yon moun Jwif, oubyen lòt nasyon, nwa

oswa blan. Moun Bondye chwazi yo se moun ki sove yo. Li pral rasanble yo nan nyaj yo

avèk li. Èske sa pa fè sans konplètman pa rapò a sa ki di nan Tesalonisyen chapit

? Kote yo di pral gen yon twonpèt, epi ke yo pral anlve

kwayan yo pou yo ka avèk Kris la. Yon ti kras pi lwen nan menm chapit la, yo di, "Men, kanta

pou jou sa a ak lè a, pèsonn moun pa konnen…" Konsa, pèsonn pa konnen ni jou ni lè sa pral rive.

Mwen pa ka di nou: "Sa pral rive tèl dat ann oktòb ane sa a." Yon ti kras pi lwen, li di:

(Matye :) "Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la."

(Matye :) "Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn,

y'ap kite lòt la."

(Matye :) "Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini."

Pastè Anderson: Konsa, Bondye di nou nou pa konnen ki lè sa pral rive. Se yon bagay

nou dwe veye. Nou pa konnen jou a ak lè a, men sa pral fèt APRE

TRIBILASYON AN paske li di ke APRE TRIBILASYON an, solèy la ak lalin nan pral vin tou nwa,

epi Jezikri ap vini nan nyaj yo. Se lè twonpèt la sonnen. Se lè

yo va anlve kwayan. Konsa, jis paske nou pa konnen ni jou a ni lè a,

sa pa vle di ke se yon bagay ki kapab rive nenpòt ki lè. Anpil moun ap gade pawòl sa a

"pèsonn moun pa konnen jou a ak lè a," epi yo di, "Sa kapab rive nenpòt ki lè."

Men, nou fenk sot di se APRE TRIBILASYON AN. Nou kapab jwenn sa nan

Matye, Mak, ak Lik. Matye pale de sa nan chapit , Mak nan chapit ,

Lik nan chapit ak chapit , epi Jan pale de sa nan liv Revelasyon an.

Tou le kat pale de sa. Tribilasyon an vini anvan, apre sa solèy la ak lalin nan vin tou nwa,

epi, Jezi vini nan nyaj yo pou anlèvman an.

Sèn - "Tribilasyon" PA vle di "kòlè"

Pastè Anderson: Rezon ki fè moun yo panse anlèvman an vini anvan tribilasyon an

se paske yo konfonn tribilasyon an ak Kòlè Bondye a. Yon prèv ke kòlè Bondye a

ak tribilasyon an se de bagay konplètman diferan nou twouve li nan Matye :, ki di,

"Kou JOU LAFLIKSYON SA YO FIN PASE, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan

p'ap bay limyè l' ankò" Kidonk, Bib la trè klè nan Matye ke solèy la ak

lalin nan vin tou nwa APRE TRIBILASYON AN. Oke, lèfini, si nou ale nan Revelasyon kote nou li

ke solèy la ak lalin lan vin tou nwa (lè yèm so a louvri), li di: " sòlèy la vin tou nwa,

tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san."- ekzakteman sa

ki di nan Matye .

(Revelasyon :) "Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt

k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la."

(Revelasyon :) "Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope.

Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote."

(Revelasyon :) "Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich,

grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache

nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo."

(Revelasyon :) "Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou

pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou."

(Revelasyon :) "Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?"

Pastè Anderson: Konsa, dapre sa nou fenk li la a, kilè kòlè Bondye a pral kòmanse vide? Lè

solèy la ak lalin lan vin tou nwa se lè yo di, "Gran jou kòlè li a vini."

Tan prezan "vini" an vle di li fenk vini. Konsa, si Matye di ke solèy la ak

lalin nan te vin tou nwa APRE TRIBILASYON AN, epi si kòlè Bondye a kòmanse sèlman apre

solèy la ak lalin nan vin tou nwa, ki jan yo kapab menm bagay la? Kidonk, kòlè a pa kòmanse

anvan ke solèy la ak lalin nan vin tou nwa. Anjeneral lè n ap eseye mande moun yo montre

nou Ekriti ki pale de anlèvman anvan tribilasyon an, yo pa ka montre nou ankenn vèsè. Mwen pral bay nenpòt ki moun defi

pou l montre m yon sèl vèsè ki efektivman sèvi ak mo "tribilasyon" an pou apiye

pozisyon anlèvman anvan tribilasyon yo an. Yo pa ka fè sa. Y ap montre w vèsè ki itilize

mo "kòlè" a. Yo jwenn vèsè ki montre ke nou kòm Kretyen nou pa anba kòlè Bondye a,

epi yo pral montre vèsè ki di ke nou pa anba menas kòlè a, epi

ke nou sove anba kòlè a. Apre sa, yo di, "Gade, la a menn, Bib la di ke nou

pa p pase anba tribilasyon an." Men, fè yon ti tann: tribilasyon an ak kòlè a se de bagay

diferan! Pa gen okenn vèsè moun ki kwè nan anlèvman anvan tribilasyon yo kapab montre w ki itilize mo "tribilasyon" an

pou pwouve doktrin yo an. Y ap pran kèk vèsè ki pale de kòlè Bondye a. Men

kòlè Bondye a ak tribilasyon an se de bagay konplètman diferan. Yo anseye pifò Kretyen

nan legliz yo ak nan liv ke yo li yo ke de bagay sa yo, se menm bagay la.

Epi, lè w eseye di yo, "Hey! N ap la pandan tribilasyon an! Anlèvman an

se APRE TRIBILASYON AN l ap vini." Men sa yo eseye di w: "Non, Bondye

pa t ap vide kòlè li a sou pwòp pèp li a. Nou pa anba menas kòlè a. Nou pral

epànye anba kòlè li a." Men, tann yon ti moman: Èske kòlè Bondye a menm bagay ak tribilasyon an?

Non. Konsa, si nou te ka fè moun yo vin konprann kisa mo "tribilasyon" an vle di, yo ta

konprann ke anlèvman an vini APRE TRIBILASYON an. Moun yo jis pa

konprann mo "tribilasyon" an paske yo gen ide sa a nan tèt yo ke

tribilasyon an se yon peryòd sèt ane kote Bondye ap vide soti kòlè l epi ap vide dife

ak souf, ap fè dlo tounen san, epi toumante moun ak eskòpyon ak tout kalte

kalamite sa a yo. Se pa sa tribilasyon an ye. Se pa sa Labib anseye.

Sèn - Tout kote yo site mo "tribilasyon" an nan Nouvo Testaman an

Pastè Anderson: Moun ki kwè nan swadizan "anlèvman anvan tribilasyon" an, yon anlèvman

ki vini anvan tribilasyon an, ki ka fèt nenpòt ki lè, annou byen analize

ekspresyon sa a ki se "anlèvman anvan tribilasyon." Li gen twa eleman ladan. "Anvan" ki vle di "Ki fèt an premye". Ki sa

dezyèm mo a ye? "Tribilasyon." Apre sa, ou gen "anlèvman." Mo "anlèvman" an pa

nan Bib la. Konsèp anlèvman an nan Bib la paske nou wè Jezi vini nan

nwaj yo, moun yo ki leve anlè pou al rankontre li, elatriye. Kidonk, konsèp

anlèvman an la, men yo pa itilize mo "anlèvman". Èske mo "tribilasyon" an nan

Bib la? Si w gade chak grenn vèsè ki itilize mo "tribilasyon" an (oubyen "lafliksyon", ouybyen yon ekspresyon ekivalan), w ap wè ke yo itilize li

fwa nan Nouvo Testaman an. Konsa, si Nouvo Testaman an itilize mo "tribilasyon" an (oubyen "lafliksyon", ouybyen yon ekspresyon ekivalan) fwa,

epi tout moun ap fonksyone avèk doktrin sa a ki rele "anlèvman anvan tribilasyon" an èske youn

nan vèsè, oswa pasaj oubyen chapit yo pa ta dwe, anseye nou yon bagay osijè yon anlèvman k ap fèt

anvan tribilasyon an? Okenn nan vèsè sa a yo pa di anyen osijè yon anlèvman

ki fèt anvan tribilasyon an oswa yon bagay ki sanble ak sa. Konsa, moun ki kwè nan anlèvman anvan tribilasyon yo dwe

apiye yo sou yon pakèt entèpretasyon, e yo dwe eksplike w yo, epi se yon bagay ki toujou

konplike anpil. Mwen remake yon bagay osijè Bib la: Bondye vle pou nou konprann

Bib la. Li pa eseye ap fè riz ak nou pou l ka twouble ou epi rann bagay yo difisil.

Li vle pou nou konnen verite a. Li renmen nou. Mwen remake anpil fwa ke premye fwa

Bib la pale de yon bagay, li defini l pou nou, epi li ede nou konprann li.

Konsa, lè nou wè li yon dezyèm fwa a, nou konnen de kisa l ap pale. Bib la

di nan Matye :

(Matye :) "Men, yo pa kite l' pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak

pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche."

Pastè Anderson: Ki kote nou wè definisyon "tribilasyon" nan pasaj sa a? Pèsekisyon an. Li di

"tribilasyon (tèt chaje) ak pèsekisyon" ki rive akòz pawòl la. Èske moun sa a yo sibi

tribilasyon an paske yo mechan anpil? Non, yo ap sibi tribilasyon an paske yo

yo suiv pawòl Bondye a kòm gid yo. Epi paske yo te pran yon pozisyon pou pawòl Bondye a,

paske yo te resevwa pawòl Bondye a ak yon gwo kè kontan, yo pral sibi pèsekisyon

oswa tribilasyon. Si nou anrasine epi fouye fondasyon nou nan lafwa nou, lè pèsekisyon ak tribilasyon

vini, n ap kenbe. Premye fwa ou wè yo itilize mo "tribilasyon" an nan Bib la,

li se marye ak "pèsekisyon." Se premye fwa yo itilize mo "tribilasyon" an

nan Nouvo Testaman an, epi si ou chèche chak fwa nan tout Nouvo Testaman an ke

yo itilize mo "tribilasyon" an, nan % fwa yo yo pale de kwayan k ap sibi

tribilasyon - moun ki sove k ap sibi tribilasyon. De lòt fwa yo itilize l kote yo

pa pale de moun ki sove, li pa gen anyen pou wè avèk pwofesi fen tan yo. Li jis

ap pale de moun ki travèse tribilasyon an jeneral. Kretyen yo te sibi tribilasyon

atravè listwa, e sa p ap diferan pou jenerasyon nou an. Petèt ke sa va rive pandan tan n ap viv la,

petèt ke sa pa p rive pandan tan sa a men si sa rive pandan tan n ap viv la, nou va

sibi l kòm kwayan. Swa yo va touye pou kòz Kris la, swa nou espere sa

nou va travèse peryòd sa a, jiska anlèvman an.

Pastè Jimenez: Senkyèm fwa yo site mo "tribilasyon" an nan Nouvo Testaman an , se

nan Jan :.

Pastè Anderson: L ap e pale ak kwayan yo. L ap pale ak disip li yo. Li di,

(Jan :) "Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen

pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen."

Pastè Anderson: Eske li te di ke ou pral evite tribilasyon an? Eske li di ke nou

pa pral sibi tribilasyon an? Eske li di, "Mwen pa t ap janm kite pèp mwen an sibi tribilasyon!

Mwen renmen yo twòp!" Non! Ki sa ki di premye fwa yo site mo "tribilasyon" an nan Matye ?

Ke si moun yo pat anrasine epi fouye fondasyon yo, epi ta vin gen pèsekisyon oswa tribilasyon

akòz pawòl la, yo ta dekouraje. Gade kisa Jezi di nan chapit sa a ki

avèti nou de tribilasyon an nan vèsè :

(Jan :) "Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive."

Pastè Anderson: Li di ke si li pa pa di nou sa a, si li pa avèti

nou osijè pèsekisyon ak tribilasyon k ap vini yo ak eprèv ke nou pral sibi yo

nan lavi nou, yo va pran nou pa sipriz. nou va dekouraje. Ou di, "Poukisa

w ap mache bay mesaj prèch sa a, Pastè Anderson?" M ap mache bay mesaj prèch sa a pou nou pa

dekouraje. Ou di, "Tann yon ti moman, mesaj prèch sa a bay dekourajman! " Non, se yon mesaj prèch

fè w sispann dekouraje paske Jezi te di ke si ou konnen bagay sa a yo ap vini, ou

pa p dekouraje. Annou li vèsè la:

(Jan : ) "Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje

mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske

mwen te la avèk nou."

Pastè Anderson: Konsa, li di la a ke lè bagay sa a yo va rive nou pral sonje ke

mwen te di nou sa, epi aswè a m ap di menm bagay Jezi te di a. Lè bagay sa a yo

va kòmanse rive - sa gen dwa pa fèt pandan tan n ap viv la; petèt nan lane; petèt nan

kèk ane; nou pa konnen kilè fen an pral rive - men lè l ap rive,

ou pral sonje mwen te di ou sa. Sa ki pi enpòtan toujou, paske se pa envante mwen envante bagay sa a yo,

ou pral sonje ke Jezi te di nou sa.

Pastè Jimenez: Pwochen kote nou jwenn mo "tribilasyon" an, se nan Travay : ki

di:

(Travay :) "Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo:

Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a."

Pastè Jimenez: Li enteresan pou note ke sa yo di a sè ke " Nou gen pou nou soufri anpil anvan

pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a" - Yon deklarasyon trè espesifik nan Bib la sè ke

lè nou va antre nan wayòm Bondye a, se pral atravè tribilasyon, yo pa di ke nou pral

antre nan wayòm Bondye a anvan tribilasyon.

Pastè Anderson: Eske li di, "Lòm vivan, se yon gran bagay paske nou va ale anvan tribilasyon an?"

Non, li di, "Ou ta dwe rafèmi yo. Ou ta dwe ranfòse yo nan sèten domèn.

Ou ta dwe ranfòse yo paske li pi bon ke yo konnen ke yo dwe travèse anpil

tribilasyon pou yo antre nan wayòm Bondye a." Èske gen yon anlèvman anvan tribilasyon la a nan yèm kote yo site mo "tribilasyon" an?

Mwen pa kwè sa.

Pastè Jimenez: Nan Korentyen :, Bib la di:

( Korentyen :) "Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil.

Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt."

Pastè Anderson: Li pa di, "Kè m kontan nèt paske mwen pa gen tribilasyon.

Mwen sitèlman an jwa paske yo pral anlve nou anvan tribilasyon an!" Se pa sa li di.

Li di, "Kè m kontan nèt nan tout tribilasyon nou an. " Ki kote anlèvman anvan tribilasyon an ye

nan Ekriti sa a? Li pa la.

Pastè Jimenez: Mwen etone dèske lè w ap chèche mo "tribilasyon" an nan

Ekriti a, ou jwenn yon pakèt referans a kwayan ki di y ap sibi

tribilasyon. Li di, "... Nan mitan tout soufrans mwen yo." Se pa yon bagay ke kwayan yo pa

sibi. Se yon bagay ke kwayan yo sibi pandan tout vi yo.

Atravè jenerasyon yo, kwayan yo sibi tribilasyon.

Pastè Anderson: Raple nou ke Bondye pa la pou simaye konfizyon nan mitan nou. Li pa p eseye

fè nou twouble. Lèzòm fè nou twouble! Predikatè yo fè nou twouble!

Emisyon televizyon ak fim yo fè nou twouble (Left Behind, elatriye). Bondye pa p fè w

twouble.

Pastè Jimenez: Si nou pèmèt ke Bib la se diksyonè nou, epi nou pèmèt ke Bib la

defini mo yo pou nou, nou ta jwenn ke mo "tribilasyon" an se pa kòlè Bondye a.

Li se pèsekisyon, li se mizè, li se pwoblèm.

Pastè Anderson: Èske gen yon moun ki kapab montre m yon vèsè ki se youn nan fwa yo site mo "tribilasyon" an?

Montre m yon vèsè ki di ke n ap ale anvan tribilasyon an, oswa ke y ap

anlve nou anvan tribilasyon an, oswa ke anlèvman an ap fèt anvan tribilasyon an.

Poutan, mwen ka montre w ke Bib la di nwa sou blan ke imedyatman apre tribilasyon an,

Jezi ap vini nan nyaj yo, twonpèt la pral sonnen, epi yo va anlve moun Bondye chwazi yo

ansanm avèk li nan nyaj yo. Se yon bagay ki senp. Moun ki kwè nan anlèvman anvan

tribilasyon yo oblije apiye yo sou moun ki gen yon seri entèpretasyon ak lojik sofistike, epi,

"Oke, piske nou pa konnen ni jou a ni lè a, sa vle di ke sa ka rive nenpòt ki lè,

epi si sa ka nenpòt ki lè, lè sa a, li oblije anvan tribilasyon an." Oubyen yo pral

gen yon grafik konplike pou eksplike w li. Men, si w jis pran Bib ou

poukont ou - ou li Nouvo Testaman an kòmanse nan Matye chapit - lè w rive nan Matye

, li la, klè kou dlo kòk: APRE TRIBILASYON an, Jezi vini nan nyaj yo.

Sèn - Prezantasyon Doktè Kent Hovind

Pastè Anderson: Doktè Kent Hovind se yon evanjelis trè selèb ki te kwè e ki te preche

anlèvman anvan tribilasyon an pandan an. Kounye a li nan prizon, depi lè li nan

prizon an, li te li Bib li epi li reyalize ke anlèvman anvan tribilasyon an pa

nan Ekriti a. Mwen ta renmen rele li pou m aprann plis sou sa ki fè li

chanje opinyon. Kisa ki fè l reyalize ke se APRE TRIBILASYON AN?

Doktè Kent Hovind: Mwen rele Kent Hovind. Mwen te yon pwofesè syans nan lekòl segondè pandan an

epi mwen te vin yon evanjelis pandan tan kote m t ap anseye sou kreyasyon ak evolisyon. Mwen te

trè preyokipe konsènan fason mwen te wè lafen di mond lan epi kijan li koresponn avèk Ekriti a,

epi mwen vin gen konviksyon, gen twa zan de sa, ke sa yo te anseye m tout lavi m lan,

li pa vre. Mwen te oblije chanje opinyon - sa ki te bay anpil nan frè fondamantal mwen yo yon gwo desepsyon -

pou m vin pran pozisyon apre tribilasyon anvan kòlè a. Bib la di ke moun k ap pase moun nan rizib yo, nan dènye jou yo,

yo pral inyore volontèman kreyasyon an, kokenn chenn inondasyon an, ak jijman ki gen pou l vini an. Mwen te pase

ane ap anseye atravè lemond sou kreyasyon an ak kokenn chenn inondasyon an, men mwen te konn

evite pati jijman ki gen pou l vini an paske mwenmenm mwen pa t konprann li. Nan Matye

, prèch Jezi a ban nou kote disip yo mande l trè klè: Ki siy

ki va montre ke w ap vini? Epi kilè sa pral rive? Yo rakonte menm istwa a ankò nan Mak

ak nan Lik . Se konsa mwen te kopye paj Bib la pou tou le twa nan pasaj sa a yo epi

mwen te mete yo kòt a kòt - pou m ka fè konparezon. Apre sa, lè mwen reyini tout

detay yo, sa te vin pi klè pou mwen toujou ke anlèvman anvan tribilasyon an

se yon bagay ki fo.

Pastè Anderson: Poukisa ou panse gen anpil moun konsa ki kwè nan anlèvman anvan tribilayon an? Poukisa

doktrin sa a popilè anpil konsa?

Doktè Kent Hovind: Paske li rezoud yon pwoblèm anbarasan. Kretyen yo pa t kapab reponn

kesyon yo osijè dinozò yo, ki kote plas yo te ye? Se konsa, Kretyen yo te envante "teyori dekalaj" la epi

yo te vin renmen li. Mwen panse ke lide yon anlèvman anvan tribilasyon antre nan menm kategori lè moun

yo gen zòrèy yo k ap grate yo. Se sa yo vle tande.

Pastè Anderson: Egzak.

-

-

Doktè Kent Hovind: Yo ta renmen tande, "Hey, Mwen pa p gen pou m andire soufrans." Men, Jezi

te di ke gen pral gen yon tribilasyon jan ke pa t janm genyen l depi lemond te kòmanse. Mwen vle di,

ou panse enkizisyon Panyòl la se te yon bagay tèrib? Oubyen ke masak Nazi yo te fè sou Jwif yo se te

yon bagay tèrib? Oubyen pèsekisyon Women yo te fè sou Kretyen yo? Sa pral pi tèrib pase tout bagay sa a yo

mete ansanm!

Pastè Anderson: Waw! Se enkwayab!

-

-

Doktè Kent Hovind: Se konsa, mond lan te kòmanse avèk Kayen ki touye Abèl - move bway yo k ap touye

bon bway yo.

Pastè Anderson: Egzak.

Doktè Kent Hovind: Se konsa sa te ye diran tout listwa. Epi Jezi di nou ke lè

yo touye nou oubyen yo pèsekite nou, rejwi, paske rekonpans nou yo gran nan

wayòm syèl la.

Pastè Anderson: Si nou vrèman pran yon definisyon biblik de sa "tribilasyon" vle di (pa

siyifikasyon defòme li a) - si nou vrèman pran yon definisyon biblik de

"tribilasyon," èske w pa ta di ke w ap sibi tribilasyon kounye a menm?

Doktè Kent Hovind: O, wi. "Tribilasyon" an se sa mond lan fè nou, e li te deja

fèt pandan dè syèk e dè syèk. Jezi te di: "Nou gen pou n' soufri anpil sou latè.

Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen." (Jan :) Kretyen yo dwe atann yo a tribilasyon, epi

nou gen gran rekonpans si nou travèse yo avèk pasyans.

Sèn - Kalandriye Evènman yo nan Liv Revelasyon an

Doktè Pastè Anderson: Kounye a, piske leson sa a se sou "Ekstremism Relijye," sa te ka

antre nan kategori sa a nan lespri kèk moun, pou panse ke pral gen literalman yon fen

nan mond sa a - ke pral gen literalman, yon dezyèm vini fizik Jezikri. Se

poutèt sa mwen te vle tou senpleman eksplike nan yon mo - Mwen vle tou senpleman ban nou yon kalandriye tout kout

de evènman ki pral pase nan peryòd sa a dapre Bib la, epi kijan sa pral pase.

Pastè Anderson: Mwen panse ke kle a pou konprann liv Revelasyon an se konprann kijan

li konstwi. Bondye ban nou liv Revelasyon an pou l kapab tou senpleman sa - yon revelasyon - pou revele

nou bagay sa a yo, pa pou kache yo. Se pa liv Kamouflaj la. Se liv

Revelasyon an, epi Bondye vle ke li fasil pou konprann. Se poutèt sa li ban nou li nan

yon fòma ki fasil pou konprann. Lè nou kòmanse li nan chapit en an, nou

nan tan Kris oubyen nan zanviwon tan sa a paske Jan sou zile Patmos la, epi yo te pèsekite

Jan paske li te preche Levanjil la. Konsa n ap pale de mwens pase yon syèk

apre Kris la te vini sou tè sa a. Epi, li gen yon vizyon kote li wè Jezikri Seyè a

parèt devan li. Lè sa a, nan chapit - Jezikri bay yon mesaj

pou sèt legliz Azi yo, epi sa parèt klè ke legliz sa a yo se legliz ki te tabli nan premye

syèk apre Jezikri a, nan moman sa a. Epi, nan chapit - nou wè vizyon an anwo nan Syèl la kote li

dekri evènman k ap pase nan Syèl la. Epi, nan chapit la, nou antre nan evènman

tribilasyon an. Chapter la se kote gran foul moun nan parèt nan Syèl la - sa parèt klè ke se

anlèvman an - tout nasyon yo ak tout fanmi yo reprezante. Epi, nan chapit -

Bondye vide kòlè li sou tè sa a. Epi, chapit la se yon chapit ki bay yon kad

e ki ap pale de kèk bagay anvan setyèm twonpèt la sonnen. Epi, nan chapit lan nou gen

yèm twonpèt la ki sonnen. Tout sa pou di: si nou gade nan liv Revelasyon an,

premye chapit yo swiv yon kwonoloji ki trè lojik. Ou kòmanse ozanviwon

tan Kris la, nan menm syèk Kris la. Epi ou antre nan evènman

tan kap vini an: tribilasyon an, apre sa anlèvman an, epi, Bondye k ap vide kòlè li. Epi, lè

setyèm twonpèt la sonnen nan chapit lan, gen yon konklizyon, kote li di, "Pouvwa pou

gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen

pou tout tan." (Revelasyon :) Men, sa ki enteresan sè ke lè w rive nan fen chapit

lan, ou gen konklizyon sa a nan fen an. Oke, apre sa, ou antre nan chapit la, epi gen

yon chanjman majè ang vizyon nan liv Revelasyon an. Annou li vèsè chapit la kote

nou fenk rive a. Li di:

(Revelasyon :) "Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad.

Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li."

(Revelasyon :) "Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche

t'ap fè l' rele."

(Revelasyon :) "Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj.

Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo."

(Revelasyon : ) "Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l',

li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a,

pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt."

Pastè Anderson: Kounye a, koute vèsè lan ak anpil atansyon:

(Revelasyon :) "Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo

ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la."

Pastè Anderson: Koulye a, sa parèt klè ke timoun nan se Jezikri paske nan Ansyen Testaman an

e nan Nouvo Testaman an, Bib la pale de Jezikri k ap gouvène tè sa a avèk yon baton

fè, epi li fè referans a gouvènman li an k ap dire mil an ki pral enstale nan tan k ap vini yo. Se konsa, reyèlman

meyè fason mwen kapab ede w konprann liv Revelasyon an se pou m di w koupe li

an de egzakteman nan chapit lan. Chapit - nan yon mwatye, chapit - nan dezyèm mwatye a. Lè sa a, si w

mete de mwatye sa a yo kòt a kòt, ou pral wè menm evènman sou de ang diferan:

ye syèk AVAN JEZIKRI









Tribilasyon

Anlèvman



Kòlè Bondye







Babilòn



Amagedon

Fotèy Blan

Nouvo Syèl/Latè



Pastè Anderson: Poukisa Bondye ta fè sa? Poukisa Bondye ta rakonte menm istwa a de fwa nan

liv Revelasyon an? Oke, poukisa li te rakonte nou istwa Levanjil la kat fwa nan Matye,

Mak, Lik, ak Jan? Poukisa li te ban nou liv Samyèl ak epi Wa ak .

Men tou, li te ban nou Kwonik ak pou l ban nou yon lòt ang, yon lòt pèspektiv, epi

nou ka aprann anpil lè nou konpare liv Wa yo avèk liv Kwonik yo,

oubyen lè nou konpare Matye ak Mak, epi Mak ak Lik, epi Lik ak Jan, epi sa yo ban nou

diferan pèspektiv. Se menm jan an nou konprann liv Revelasyon an.

Sa pral ede w konprann liv Revelasyon an lè w konprann kwonoloji sa a.

Gen kèk moun ki panse liv Revelasyon an pa nan lòd kwonolojik ditou, men tèm

"apre sa" oswa tèm "apre tout bagay sa a yo" parèt fwa nan liv Revelasyon an.

Si nou wè plizyè "apre sa" ak "apre tout bagay sa a yo" repete plizyè fwa, se paske

Bondye ap ban nou nan ki lòd evènman yo rive.

Pastè Jimenez: Se yon fason ridikil pou eseye entèprete Bib la oswa li Bib la

lè w ap demanti lefèt ke Bib la di "apre sa," epi gen dè moun ki di "Li pa nan lòd

kwonolojik." Li pa fè sans." Nan tout Bib la, se konsa yo li Ekriti a.

Men yon egzanp komik: nan Jan :, men sa ki di:

(Jan :) "Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè,

se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a."

Pastè Jimenez: Epi vèsè di, "Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo

nan peyi Jide." Li ta ridikil nèt pou yon moun ta di

sa ki pase nan vèsè a te pase anvan vèsè an.

Lè vèsè di "Apre sa", nou li sa epi, natirèlman, se konsa sa ekri e se sa

sa vle di. Lè nou rive nan liv Revelasyon an, epi, jan mwen te di a, nou li fwa "apre

bagay sa a yo" oubyen "apre sa," epi malgre sa gen moun ki di, "Non, li pa nan lòd kwonolojik.

Li pa fè sans." Se yon fason idyo pou yon moun li Bib la.

Pastè Anderson: Konsa, lè w konprann ke li nan lòd kwonolojik, men li rekòmanse

nan chapit la, sa ede w konprann. Mwen vle egzamine kèk chapit sèlman

la a pou montre w lòd evènman lafen di mond yo. Sa kapab rive nan

tan. Petèt ke nou tout va gen tan mouri, men mwen panse li trè pwobab ke l ap rive nan yon

dat ki pa twò lwen. An reyalite, mwen ta etone anpil si bagay sa a yo pa ta rive omwen pandan

tan m ap viv la, si mwen viv yon vi antye nòmal. Mwen gen nan, e ak vitès

bagay yo prale kounye a, mwen ta etone si sa pa ta rive nan pwochen an yo.

Nan moman mwen kòmanse mesaj aswè a, mwen panse nou kapab konprann poukisa

mwen di sa. Men kijan tribilasyon an kòmanse. Bib la di ke yo va mete deyò Syèl la

Dyab la oswa Satan. Kounye a, ou di, "Fè yon ti tann, Pastè Anderson,

èske sa pa fèt deja? " Men, repons lan se non. Majorite moun panse ke Dyab la nan lanfè

kounye a, men an reyalite, Dyab la pa janm te nan Lanfè paske Bib la di

trè klè ke Dyab la twouve li sou tè sa a kote l ap wodaye tankou yon lyon move k ap chache moun

li ka devore. Dyab la ak tout demon l yo, yo prezan sou tè sa a dapre Bib la.

L ap fè vaevyen ant Tè a ak Syèl la, epi li pale ak Bondye. Si w li liv

Jòb la, Dyab la vini epi li kanpe devan Bondye e li gen yon konvèsasyon ak Bondye nan Syèl la

osijè Jòb, sèvitè Bondye a. Konsa, Dyab la ap fè vaevyen kounye a la a. Bib la pale

de fason y ap voye Dyab la jete sot nan Syèl la yon jou:

(Revelasyon :) "Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an.

Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl."

(Revelasyon : ) "Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo."

(Revelasyon : ) "Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an,

li menm yo rele Diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè

ansanm ak tout zanj li yo."

(Revelasyon :) "Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou.

Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te

kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la."

(Revelasyon :) "Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, granmèsi san ti Mouton an ki te koule

ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò."

(Revelasyon :) "Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men,

malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil,

paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò."

Pastè Anderson: Kisa nou wè la a? Gen yon batay nan Syèl la, epi Bib la anseye nou

ke Dyab la pèdi batay sa a. Li pèdi batay sa a nan Syèl la, epi paske li pèdi

batay la, li menm ak zanj li yo, yon tyè nan zanj yo, yo voye yo

jete sou latè. Fondamantalman, se Satan ke yo mete deyò nan Syèl la, e li konnen

ke l pa gen anpil tan, epi li pral soti pou l pèsekite moun ki kwè yo e pou l pèsekite

sen yo (tout moun k'ap sèvi Bondye yo) epi eseye detwi yo. Gade nan Revelasyon, chapit , vèsè . Se la batay sa a kòmanse, pa vre?

Nan Revelasyon :, li soti pou l al batay. Kouman li pral fè? Kouman Dyab la pral

batay ak moun ki kwè yo?

Sèn : Antekris la

Pastè Anderson: Pwochen bagay nou pral wè ki rive a, profetikman, yo rele li

tribilasyon an. Tribilasyon an se yon peryòd kote pral gen yon bann bagay katastwofik

k ap rive sou tè sa a. Pral gen gwo grangou. Pral gen epidemi.

Pral gen gè - anpil ak on pakèt gè. Yon pakèt moun pral mouri

grangou epi tou pral mouri anba maladi. Anpil bagay tèrib pral rive. Nan tout

lagè ak dezas sa a yo ki pral fèt pandan tribilasyon an, (se pa p dezas

sinatirèl, se pa p Bondye k ap vide yon lapli dife ak souf men pito dezas natirèl, lagè, gwo grangou,

ke moun ap lakòz) pral gen gen yon nonm k ap sòti yo epi k ap vin tounen yon diktatè

lemond antye ke yo konnen kòm "antekris la". Se pa yon yon istwa pou fè timoun dòmi. Sa pral rive

tout bon, epi an reyalite, nou deja kapab wè siy ki montre ke li kòmanse rive. Bib la

di nou ke yon jou pral gen yon gouvènman mondyal inifye. Kounye a, nou gen

anpil gouvènman diferan. Nou gen Etazini, nou gen Larisi, nou gen Lachin - yo

tout se nasyon ki apa, nasyon souvren (li pwobab ke w deja tande mo "souvren" an) - tout

se nasyon ki apa. Yon jou, Bib la di ke tout nasyon sa a yo pral

ini yo epi fòme yon gouvènman mondyal inifye. Yon fwa ke yo va fòme gouvènman mondyal

inifye sa a, y ap transfere tout pouvwa yo bay yon sèl moun ki pral chèf gouvènman sa a,

moun sa a, yo konnen li kòm "Antekris la." Ki moun ki deja tande pale de Antekris la?

Tout moun deja tande tèm sa a non? "Antekris la" se yon tèm biblik. Ou pral tande a souvan

Bib pale de "bèt la," oswa "bèt lanmè a," oswa "bèt sèt tèt

ak dis kòn yo," oswa "nonm peche a," oswa "pitit gason pèdisyon an," men Bib la itilize

tèm "Antekris" la tou. Mwen renmen itilize tèm "Antekris" la: se yon tèm ke gen moun yo konprann,

epi se yon tèm biblik. Mwen ta renmen montre w ki kote Bib la mansyone tèm

"Antekris" la paske Bib la di nou ke gen yon moun k ap vini yon jou, ke yo rele

Antekris la. Anvan Jezikri retounen pral gen yon fo manje nan pèlen, yon fo Kris.

Ou wè sa mwen vle di? Antekris la se yon nonm k ap pretann li se dezyèm vini

Kris la, men se yon moun k ap fè tèt li pase pou sa l pa ye. Men, piske Kretyen kounye a yo, y ap anseye yo ke yo dwe atann yo aske

Jezi retounen nenpòt ki lè. Se sa nèt paske devine ki moun ki pral parèt an reyalite? -

Antekris la. Poukisa Bib la rele li "antekris"? Paske gen yon nonm ke yo rele "antekris" la

(o sengilye), nonm sa a pral di ke li se Jezikri. Lè antekris sa a va parèt nan tribilasyon an

epi li di, "Mwen se Jezikri," yo pral resevwa li kòm Mesi yo a. Anpil moun pral

anseye, "Lè Jezikri vini nan nyaj yo, Jwif yo pral reyalize finalman ke

se limenm ki Mesi yo a, epi y ap aksepte li. " Non! Y ap aksepte antekris la!

Se sa Bib la di. Jezi te di:

(Jan :) "Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men,

kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li."

Pastè Anderson: Mwen kwè ke plan Satan an ak anlèvman anvan tribilasyon an se pou fè tout moun

vin gen mantalite sa a ke "Jezikri kapab retounen nenpòt ki lè." "Nou atann nou

aske Jezikri retounen nenpòt ki lè! Li ta kapab vini jodi a! L ap vini jodi a! " Men an reyalite

moun k ap vini an se antekris a. Epi antekris la, lè li vini, li pral

vin chèf yon gouvènman mondyal inifye ak yon sèl relijyon mondyal inifye kote l ap pretann li se Mesi a.

Men sa ki di nan vèsè la nan Jan :

( Jan :) "Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini.

Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò."

Pastè Anderson: Èske premye fwa yo di mo "antekris" la li o sengilye oubyen li o pliryèl? Konsa, yo te tande ke antekris la

(o sengilye) pral vini. Konsa, gen yon antekris k ap vini, pa vre? Men, èske pa gen anpil

antekris depi kounye a menm? Se sa vèsè a di. Kiyès ki antekris sa a yo?

( Jan :) "Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la.

Li voye ni Papa a ni Pitit la jete."

Pastè Anderson: Pou kapab kwè ke Jezi se pa t Kris la, fòk ou kwè ke

gen yon Kris, e ke se pa Jezi. Mo "Kris" la vle di "Mesi."

Bib la di nan Jan :, "Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a

(ki vle di: Kris la)." Se konsa, Bib la defini mo "Kris" la kòm "Mesi." De non sa a yo, youn ka ranplase lòt.

Konsa, kite m poze nou kesyon sa a: èske w ka di m yon relijyon ki di gen yon

Mesi k ap vini, men se pa Jezi - Jezi se pa t Mesi a. Relijyon Jwif la anseye

ke gen yon Kris, men se pa t Jezi. Yo kontinye ap tann

Mesi a. Yo di ke Jezi se pa t Mesi a, epi yo kontinye ap tann

Mesi a. Bib la di ke yo pral resevwa antekris la kòm Mesi yo a. Kretyen evanjelik sa a yo

ki kwè ke Jezi ka retounen nenpòt ki lè a, moun ki pa

sove yo, moun ki pa kwè verite a, anpil nan yo pral twonpe epi y ap panse, "Sa a

se dezyèm vini Jezikri a!" Mizilman jounen jodi yo ap tann yon gran pwofèt

ak yon gran Mesi k ap vini e ki va vrèman pi gran pase Mawomèt. Prezidan Ahmadinejad,

Prezidan Iran an - ki moun ki deja tande pale de li? Prezidan Ahmadinejad te pale

nan Asanble Jeneral Nasyonzini an gen ennan ou de de sa, nan diskou sa a, li te bay yon rezime

tou kout de Islam lan.

Mahmoud Ahmadinejad: Sans pwofon mesaj pwofèt yo se yon sèl e se menm lan. Chak mesaje

te apwouve mesaje ki te vini anvan l lan epi bay bon nouvèl osijè pwochen pwofèt

ki pral vini an ki prezante yon vèsyon pi konplè de relijyon an an fonksyon de kapasite moun yo

nan epòk la. Tandans sa a te kontinye jiska dènye mesaje Bondye a ki te prezante pèfeksyon

yon relijyon ki konplè nèt. Nimwòd te aji kont hazrat Abraram. Farawon te aji kont hazrat Moyiz,

epi akrèk yo te aji kont hazrat Jezikri ak hazrat Mawomèt - se pou gen lapè sou tout

pwofèt nou yo.

Pastè Anderson: Epi li te di ke Islam lan kwè Abraram te yon gwo pwofèt, Moyiz te

yon gwo pwofèt, epi Jezi vini, epi Mawomèt vini - Mizilman an

souke tèt li kage devan kage dèyè, donk mwen genlè byen konprann! Esansyèlman, sa Ahmadinejad di a

sè ke chak moun sa a yo te pote vini plis verite pase moun ki te vini anvan li an an fonksyon de sa moun yo te gen kapasite

pou yo resevwa. Yo te pote vini plis limyè ak plis detay ak plis verite. Li te di ke nan

tan kap vini yo yon lòt pwofèt pral vini ki pral pi gran menm pase Mawomèt epi ki pral

pote pwochen nivo limyè a. Kidonk, Islam lan ap tann yon moun ki pral vini e ki pral tankou yon mesi.

Y ap tann Iman Mahdi a.

Mahmoud Ahmadinejad: O Bondye, fè Imam al Mahdi vini pi vit epi ba li bòn sante

ak viktwa, epi fè ke nou se disip li yo, epi ke nou se moun k ap temwànye de jistis li.

Pastè Anderson: Boudis yo ap tann Senkyèm Bouda ki pral vini an. Moun ki

o Tibè yo ki swiv Dalayi Lama a: yo kwè ke Dalayi Lama a ak kontinye reyenkane

nan yon lòt moun - espri Dalayi Lama sa a. Yo pral kwè ke antekris la

se nouvo enkanasyon Dalayi Lama a. Mizilman yo pral konsidere li kòm Imam Mahdi a.

Kretyen yo pral konsidere li kòm dezyèm vini Kris la. Jwif yo pral konsidere li

kòm Mesi a. Tout gran relijyon sa a yo pral rasanble toutotou li, epi moun yo va di,

"Èske se pa yon gran bagay jan ke nou tout ap ini nou finalman! N ap mete diferans nou yo sou kote, epi

nonm sa a tèlman mèveye!" Epi yo pral adore nonm sa a. Chalatan sa a, antekris sa a,

pral vini. Gouvènman mondyal la pral mete l sou pouvwa epi ba li tout pouvwa a,

epi tou yo pral deklare li se Bondye. Yo pral deklare li se dezyèm vini

Kris la. Li va mouri. Bib la di ke l ap resevwa yon blesi mòtèl

nan tèt li, blesi mòtèl li a va geri, epi li pral rekòmanse viv. Yo pral

pwoklame ke li se dezyèm vini Jezikri. Yo pral pwoklame

ke li se enkanasyon Bondye, epi tout nasyon nan mond lan, tout pèp nan mond lan pral

adore nonm sa a. Tout relijyon yo pral aksepte l kòm mesi yo, men

Bib la di ke li p ap reyisi twonpe moun ki sove yo. Rès mond lan

pral adore l, paske li pral fè mirak, dapre sa Bib la di,

epi li pral fè anpil siy ak anpil mèvèy, epi li pral kòmanse avèk

gouvènman mondyal sa a. Pafwa ou va eseye avèti moun yo osijè yon gouvènman mondyal inifye.

Ou eseye avèti yo osijè kèk nan tandans nou wè yo ki pral mennen nan yon sosyete

san lajan likid. Sitèlman gen kretyen ke lè w ap pale avèk yo osijè yon gouvènman

mondyal inifye, oubyen pale ak yo de yon sosyete san lajan likid epi tout pwen kontwòl sa a yo

ki ap mete an plas epi eta polisye a, yo di ke w se yon "konspirasyonis", sa vle di, yon moun ki kwè nan teyori konplo a.

Mwen sèten ke yo te di w se konspirasyonis pandan ane ki sot pase yo.

Doktè Kent Hovind: Wi, anpil fwa.

Pastè Anderson: Men, èske reyèlman vre yon moun ka yon Kretyen ki kwè nan Bib la e an mèm tan li di se pa vre

ke yon jou pral gen yon gouvènman mondyal inifye?

Doktè Kent Hovind: Mwen pa panse ou ta ka li Bib la san w pa konstate ke

Satan te toujou gen yon plan pou l dirije lemond tankou nan seri desen anime "Pinky and the Brain", e li vle yon gouvènman

mondyal inifye. Li vle vin tounen Bondye.

Sèn - Mak Bèt la

Pastè Anderson: Lè nonm sa a pral dirije lemond antye, li pral pase lòd pou tout moun

resevwa sa yo rele "mak bèt la." Ki moun tande pale de mak bèt la deja?

Bib la di ke mak bèt la se pral yon bagay nan men dwat ou oswa nan

fwon w, epi pèsonn pa p kapab achte oswa vann si yo pa gen mak sa a. Moun

ki te konn li pawòl sa a yo gen kèk santèn ane de sa te konn di: "Kijan sa kapab fèt? Kijan w ka

fè moun pa kapab achte oswa vann si yo pa gen mak sa a? Èske w kapab

elilmine lajan likid?" Reflechi sou kijan teknoloji a ye. Lajan sa a ke m kenbe nan men m lan,

biyè rezèv federal sa a, se yon moso papye. Li pa gen okenn valè. Li pa gen okenn valè

avèk pwòp tèt pa li. Lè w wè yon sosyete san lajan likid kòmanse devlope - chak jou pi plis n ap

sèvi mwens ak lajan likid ...

Eleman nan televizyon an: Gen yon tan k ap rive kote lajan fizik pral nèke sispann egziste.

Prezantatè Nouvèl: Èske lajan papye se souvni yon epòk ansyen?

Eleman nan TV a: Jounen jodi, % oubyen plis nan tranzaksyon ki fèt Etazini yo pa gen anyen pou wè avèk

moso papye oswa pyès monnen fizik.

Prezantatris Nouvèl: Eske w te janm poze tèt ou kesyon èske yon jou lajan likid pral tou senpleman sispann egziste?

Dapre kèk moun, se yon reyalite ke nou ta dwe aksepte. Grinbak ak pyès lajan vin tounen yon pwoblèm.

Ofisyèl Afriken: Prensip la sè ke nou dwe transfòme ekonomi sa a ki baze sou lajan likid

pou l vin tounen yon ekonomi san lajan likid. Sa mande patisipasyon bank yo. Sa mande patisipasyon konpayi telekominikasyon yo.

Sa mande patisipasyon founisè ATM ak POS yo. Sa enplike yon chanjman kiltirèl.

Prezantatè Nouvèl: Jounen jodi, kisa w rele lajan? Èske se yon ponyen pyès monnen ak biyè papye?

Oubyen kat ki vin ranplase yo? Epi, èske sèten mwayen pèman rive nan fen vi yo,

tankou chèk yo?

Doktè Kent Hovind: Imajine ke tout magazen nan vil ou a di: "Hey, nou pa p aksepte lajan likid ankò,"

epi imajine yo di: "Menm chèk ak kat kredi nou pa p pran ankò paske gen

twòp fwod - twòp kat kredi yo vòlè ak twòp chèk san pwovizyon. Fòk se

yon tranzaksyon elektwonik nou fè."

Pastè Anderson: Ann rekonèt sa: Lajan papye pa vrèman vo anyen de tout fason.

Se yon moso papye. Li te ka lajan Monopoly tou. Li pa lò. Li pa

ajan. Li pa gen okenn valè ak pwòp tèt pa li. Konsa, pou kòmanse, yo fè nou abitye sèvi ak moso

papye ki san valè. Jodi a mwen ka bay moso papye sa a pou m jwenn machandiz ak sèvis,

men si yon moun te di demen, "Lajan sa a pa vo anyen," lè sa a li pa t ap

vo anyen. Èske nou sonje Eta Konfedere Etazini yo? Èske nou sonje lajan

konfedere a? Moun yo te sere lajan konfedere a anba matla yo. Devine yon bagay, li pa t vo

anyen. Yo kapab fè w sa tou, epi yo jis di: "Lajan papye w la

pa bon. Kounye a tout bagay se sou kont ou yo ye. Tout bagay relye ak pwofil Facebook ou, chèn

Youtube ou ak Gmail. Se yon bagay jenyal paske yo p ap ka vòlè idantite w. Ou pa bezwen

enkyete dèske w ta kapab bliye bous ou lakay ou. Ou pa bezwen enkyete w dèske yo ta kapab

vòlè kat kredi w. Tout bagay vin konplètman san lajan likid." Nou kapab kontwole dwòg la paske

pa ka gen tranzaksyon an likid ankò. Se pou anpeche krim fèt.

Prezantatris Nouvèl: Se teknoloji syansfiksyon an ki pral antre nan liy kote moun yo ap tann

pou fè nou pase byen vit, byen alèz. Ou pral kapab achte tout bagay soti pen pou rive nan byè si w dakò

bay magazen an idantite total ou.

Eleman ACLU a: Sa fè m pè anpil.

Prezantatris Nouvèl: Apre w fin anrejistre machandiz w ap achte yo, kounye a kisa w fè? Ou plase endèks ou

sou skanè a, epi ou peye nan apeprè segonn, tout sa ak

anprent dijital ou. Yo rele sa byometri: yon fason otomatik pou idantifye w ki baze sou karakteristik

byolojik inik ou yo.

Eleman ACLU a: Pa aksepte bagay sa a poutèt w ap chèche konfò.

Ansyen anplwaye QT: Ou konnen, jodi a se yon anprent dijital, demen se va yon pis elektwonik. Petèt ke sa

endike kòmansman mak bèt la.

Prezantatris Nouvèl: Mesye sa a kite travay jesyon l lan nan Quick Trip lè chèn makèt sa a

te di l fòk li skane dwèt li pou l pwente lè l ap antre ak lè l ap soti.

Ansyen anplwaye QT: Epi byenke li kapab opsyonèl (fakiltatif) jodi a, kiyès ki konnen kijan sa pral ye demen?

Prezantatris Nouvèl: Ekspè yo di byometri a sou wout pou li anvahi tout aspè nan ekonomi nou an

ak lavi chak jou nou.

Madanm nan Televizyon an: Ou mete dwèt ou sou li, epi non mwen monte, epi li gen tout enfòmasyon

mwen yo.

Prezantatris Nouvèl: Li rapid?

Madanm nan Televizyon an: Li rapid anpil.

Prezantatris Nouvèl: Ou renmen li?

Madanm nan Televizyon an: Mwen renmen l anpil.

Prezantatris Nouvèl: Gen moun atravè mond lan ki deja ap itilize byometri a. Gouvènman Etazini an, konpayi avyon yo,

estasyon gaz - menm Disney World itilize teknoloji ki ka li venn san vizitè yo

pou evite sèvi ak biyè pou moun antre.

Pastè Anderson: Gouvènman mondyal inifye sa a pral tèlman gen pouvwa ke l ap kapab

egzije ke pèsonn moun sou latè pa kapab achte oswa vann san yo pa gen

mak bèt la. Li enteresan ke Bib King James la di trè klè ke

mak bèt la - mak sa a ke yo pral egzije ou genyen pou w achte oswa vann - yo pral

mete li NAN nan men dwat yo oswa NAN fwon yo. Li kapab yon kalte pis elektwonik

enplante, epi pou kapab achte oubyen vann, w ap sèlman skane pis elektwonik sa a. Sa ki pral

rive yon jou, sè ke yo pral di: "Lajan papye sa a - biyè dola sa a ki nan

pòch ou a - li pa gen okenn valè. Fòk nou skane w pou w kapab peye. Tout bagay elektwonik kounye a. Ou ale nan

makèt la, ou anrejistre machandiz w ap achte yo, epi nèke *bip*. Si ou pa gen

men, pa gen pwoblèm, nou ka mete l nan tèt ou paske tout moun gen tèt! Ou pral nèke

*bip* peye nan kès la. Tout lajan pral sou fòma elektwonik,

epi sa deja fonksyone konsa. Telefòn selilè yo kòmanse gen skanè. Ann di

gen yon echanj byen ak sèvis ant de moun. Dakò! Li vini $..

Nèke lonje men dwat ou ban mwen pou m ka skane li ak smatfòn mwen an. *bip*

Oke, mwen pran kòb la sou kont li an! Ou fenk sot bay pitit gason m lan yon leson pyano. Ban m

peye w. *bip* Reflechi sou sa kounye a: yo ka itilize smatfòn nan pou skane mak

bèt la, epi ou pa kapab achte oubyen vann san li.

Prezantatris Nouvèl: Nan nouvèl medikal aswè a, yon pis elektwonik gwòsè yon grenn diri kapab sove

lavi w.

Prezantatè Nouvèl: Nou an . Y ap kouri mennen w nan yon lopital pandan ke w san konesans epi san w pa gen pyès idantite oubyen

dosye medikal disponib, men gras a yon pis elektwonik anba po w, tout bagay la. Bagay sa a se te syansfiksyon

ven tan de sa, men jounen jodi se yon reyalite byometrik.

Pwofesè: Mwen panse li posib pou libere nou konplètman de bous nou yo ak kle nou yo grasa

teknoloji byometrik la nan dizan konsa, si moun yo vle sa.

Prezantatè Nouvèl: Defi a se pwoteje vi prive nou nan yon mond ki nouvo nèt.

Prezantatè Nouvèl: Kounye a, nouvo teknoloji pis elektwonik pèmèt sa posib pou anplwaye nan sal ijans yo

jwenn enfòmasyon osijè antesedan medikal ou ak son senp peze sou yon touch òdinatè.

Yon Doktè Harvard: Tèlman gen doktè ijans ki oblije fonksyone pa tatònman. Nou oblije pran desizyon medikal

san nou pa konnen ki sa medikaman w ap pran oubyen ki alèji ou genyen.

Prezantatè Nouvèl: Doktè Harvard la di ke pis elektwonik Idantifikasyon pa Radyo Frekans sa a kapab rezoud

pwoblèm sa a. Li gen youn ki enplante nan pati anwo bra dwat li. Yon skanè li yon nimewo

idantifikasyon. Ansuit, yo antre chif sa a yo sou yon sit entènèt sekirize kote antesedan medika

li estoke. Teknisyen Swen Medikal Ijans lan di ke pis elektwonik lan kapab ede anplwaye ijans yo.

Teknisyen Swen Medikal Ijans: Youn nan avantaj yo, se lè w gen pasyan ki prezante avèk kèlkanswa kalite

gwo chòk la e ki pa kapab ba w enfòmasyon so yomenm ak/oswa sou antesedan

medikal yo.

Prezantatè Nouvèl: Doktè Harvard la di ke avantaj yo klè.

Yon Doktè Harvard: Mwen gen yon alpinis, e mwen kwè ke si m sot tonbe pandan m ap eskalade yon pan wòch,

epi ou jwenn mwen san konesans, fasilite ki genyen dèske w kapab skane m pou konnen kiyès mwen ye,

sa pi enpòtan pase enkyetid mwen pou vi prive m.

Prezantatè Nouvèl: Pis elektwonik la fèmen nan yon ti resipyan an vè ki pa ka kase e li gen apeprè gwosè yon grenn

diri. Pwosedi a fèt sou anestezi e li relativman san doulè.

Yon Doktè Harvard: Se kòmsi w te mete yon zegi a trikote anba nan po w.

Prezantatè Nouvèl: Men, nan ka sa a, li di ke lefèt gen yon bagay anba po w se yon bon

bagay.

Prezantatè Nouvèl: Se konsa sa kòmanse: men chat sa a la a epi senkan apre, nou dekouvri ke

li retounen lakay la. Epi, gen yon moun ki di, "Ebyen, si l bon pou yon chat, mwen gen

manman m ak papa m lakay la epi papa m renmen pèdi pafwa; petèt nou ta kapab mete yon pis elektwonik

ak antesedan medikal papa m ladan an ka ke yon bagay ta rive. Sa ta bon wi!" Epi yon mout ta ka di:

"Bon! Si l bon pou chat mwen an, si l bon pou granmè ak granpè,

poukipa pou ti bebe m lan?" Pa p gen alèt pou anlèvman timoun ankò. Nou pa p janm bezwen pè ankò

ke yo ta kidnape yon timoun. Epi nou di: "Bon! ou konn on bagay? Petèt ke NOUMENM tou nou ta genyen l.

Epi sou pis elektwonik sa a, nou pral gen tout bagay. Kat kredi, pèmi kondui. Reflechi sou

sa. Tikè metwo. Nou pa p bezwen bous ankò. Reflechi sou sa, nou pa p bezwen mache ak kle ankò. Konsa,

kesyon mwen ta renmen tout moun ki lakay yo poze tèt yo se: Èske se yon bon lide? Paske se nan direksyon sa a

nou prale.

Prezantatèz Nouvèl: Sa a se twòp syansfiksyon, pou mwen.

Prezantatè Nouvèl: Sa gentan ap fèt deja! Sa gentan ap fèt.

Prezantatèz Nouvèl: Mwen konnen sa deja ap fèt pou bèt yo epi yon fason limite pou moun ...

Prezantatè Nouvèl: Men, timoun ou yo ...

Prezantatèz Nouvèl: Timoun ou yo …, se jwe w ap jwe ...

Steven Anderson: Moun nan tan ansyen yo dwe te mande tèt yo: "Kijan sa ta kapab fèt?

Kijan w kapab anpeche moun achte oubyen van si yo pa gen yon mak? " Men, kounye a nou wè

teknoloji k ap devlope a ki ta ka fè li trè fasil pou pèsonn pa kapab achte

oubyen vann si li pa gen mak sa a. Epi devine yon bagay? Majorite moun gen sèlman

sèt a dis jou manje lakay yo. Konsa si w pa ka achte oubyen vann

lavi w pral gen anpil soufrans. Epi, Bib la di ke pral gen yon lwa tou

k ap di ke si w pa adore antekris la y ap touye w. Nonm sa a

gran papa, l ap fè yon pakèt gran bagay, li rasanble moun. Gen yon sèl

pwoblèm: si w pa tounen patizan misye, y ap touye w! Epi, lè w tande pale de sa, lè w gade sa,

pwobableman ou di: "Bon, nan ka sa a, Mwen devine ke nou tout pral mouri, noumenm

kwayan yo, moun ki kwè nan Kris la. Mwen devine ke yo pral koupe tèt nou tout. Epi,

Bib la pale de sa, ke yo pral koupe tèt nou. Yo pral koupe tèt nou tout. Men, men kisa bagay la

ye. Si yo te pèmèt ke sa kontinye, ou gen rezon yo t ap touye tout kwayan yo. Paske

reflechi sou sa, gade teknoloji a, gade kamera siveyans yo ke yo enstale

toupatou, satelit yo. Kounye a, polis la ap sèvi ak dwòn ki gen kamera e ki ap vole anlè

pou espyone w. Èske w wè sa? Dwòn siveyans. Kounye a, y ap enstale mikwofòn

nan kwen lari yo pou yo kapab koute sa w ap di. Se tankou nan

woman distopik "" la (yon istwa kote sistèm lan ap anpeche sitwayen yo viv). Se nan wout sa a peyi nou an prale, kote li pral tounen yon sosyete

siveyans total. Dabitid, ou te konn monte yon avyon san pwoblèm. Kounye a, TSA (administrasyon sekirite transpò)

ap maltrete w. Kounye a, ou dwe pase nan yon skanè dezabiyan. Kounye a, fòk

yo skane w. Fòk yo fouye w pandan y ap peze kò w ak men yo. Ou dwe gen pyès idantite sou ou

tout tan epi lapolis tout tan ap mande w: "Kote pyès idantite w? Kote papye w yo? Papye w

yo pa valid! " Se nan peyi sa a n ap viv jounen jodi a. Epi sa pral kontinye konsa,

jiskaske l ap vin difisil anpil pou yon moun chape anba

prizon ke planèt sa a vin tounen an. Men, kite m di sa: Yo p ap touye nou tout. Y ap touye anpil moun, pinga

twonpe nou. Y ap koupe tèt anpil kretyen e y ap touye anpil pou kòz Kris la. Men, mwen pral

di sa a: Yo pa p touye nou tou paske tan sa a pral abreje. Bib la di:

(Matye :) "Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove.

Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo."

Pastè Anderson: Epi Bib la di ke nan mitan bagay sa a, Jezikri ap retounen.

Sonje ke nou te pale deja osijè dezyèm vini Kris la. L ap retounen. Egzakteman nan moman

yo panse ke yo fini avèk Krisyanism lan, nan moman yo enstale gouvènman mondyal yo a,

nan moman yo enstale gouvènman mondyal inifye yo a avèk Satan nan tèt li, lè sa a Jezikri ap vini nan nyaj yo

epi se nan moman sa a anlèvman an ap fèt epi se nan moman sa a l ap kòmanse vide

kòlè li a sou tè sa a. Ou kapab li sa nan Revelasyon. Li pral fè dlo

tounen san. Li pral boule pyebwa yo ak zèb yo. Li pral voye

krikèt devastè sa a yo soti nan lanfè e krikèt sa a yo pral pike moun avèk ke ki tankou ke eskòpyon.

Si ou pa t li liv la Revelasyon an, Mwen rekòmande w li anpil. Epi, pa li

nouvo vèsyon entènasyonal la (NIV a). Li Vèsyon King James la, dakò? Si w ap pran tan li l,

li orijinal la. Pa aksepte okenn imitasyon. Gade nan Chapit Vèsè :

(Revelasyon : ) "Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a,

li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make

sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye."

(Revelasyon : ) "Bèt mwen te wè a [Antekris] te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li.

Pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an [Satan] ba li pouvwa li,

li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a."

Pastè Anderson: Konsa, bèt sa a yo dekri la a, Bib la di ke se dragon an ki te ba li

pouvwa, ki te ba li chèz pou l chita kòm chèf e ki te ba li otorite. Gade nan vèsè :

(Revelasyon :) "Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men,

blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la. (Revelasyon :) "Tout moun pran adore dragon an

paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou

bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?" (Revelasyon :) "Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di

tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde

mwa."

Pastè Anderson: "Karannde mwa," sa pa fè nou sonje anyen konsènan yon tan, dè tan epi yon demi

tan ak jou? Nou wè kijan tout bagay sa a yo koresponn? Men sa ki di nan vèsè

:

(Revelasyon :) "Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz

ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la."

Pastè Anderson: Gade sa a. Vèsè sèt. Men kle a:

(Revelasyon :) "Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la.

Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon."

Pastè Anderson: Èske nou pa t wè nan chapit vèsè ke objektif dragon se te

fè lagè ak moun ki kwè nan Kris la e k ap kenbe kòmandman Bondye yo? La a, sa ki di,

sè ke yo te ba li pouvwa pou l fè lagè ak sen yo - note sa - pou l ranpòte laviktwa

sou yo. Ki moun ki pral ranpòte laviktwa nan gè sa a ant sen yo ak dyab la sou tè sa a? Dyab

la. Yo di li pral fè lagè kont sen yo e l ap ranpòte laviktwa sou yo. Dapre

Revelasyon , objektif antekris la se fè lagè ak sen yo. Konsa, li pa vle

pou Kretyen yo pran mak bèt la pou yo ka chape anba pèsekisyon. Li vle pou tout Kretyen

mouri. Ou di: "Ebyen, sa a se yon bagay ki bay dekourajman." Ebyen, nèke li pou rive jouk nan fen liv la

epi ou pral wè kiyès ki ranpòte laviktwa nan fen an. Se sèlman yon batay ki pèdi pandan yon ti bout tan nan chapit la. Men,

men sa ki di nan vèsè :

(Revelasyon : -) "Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la.

Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv

ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la,

liv ki pou ti Mouton yo te touye a."

Pastè Anderson: Konsa, nonm sa a ke yo rele bèt la, nonm sa a ki gen pouvwa sou tout

nasyon, tout fanmi, tout lang, objektif li se fè lagè kont sen yo epi Bib la

di ke tout moun sou latè pral adore li. Tann yon ti moman. Non, li pa fè sa. Yo di

tout moun sou latè pral adore li, moun ke non yo pa ekri nan liv lavi

ti Mouton yo te touye a depi lè lemond te kreye. Konsa kite m poze w kesyon sa a. Èske moun ke

non yo EKRI nan liv lavi a, moun sa a yo adore nonm sa a ki se bèt la? Non. Bib la di ke li pral tèlman

kredib epi tèlman gen dyòl dous ke li ta twonpe moun Bondye chwazi yo si sa te posib. Men, Bondye pa p pèmèt

ke nonm sa a twonpe okenn nan moun ki sove yo. Konsa, tout moun ki

vrèman sove yo, menm sa ke yo fè antre nan yon kesyon anlèvman anvan tribilasyon, lè yo pral kòmanse

wè bagay sa a rive, oubyen mwen espere lè yo wè dokimantè sa a, yo pral reyalize, "Tann

yon ti moman. Se sa k ap rive la a. Se antekris la. Mwen pa ka pran sa a. Mwen pa dwe adore

nonm sa a. Li pa Kris la vrèman. Konsa, tout moun ki pa p adore l, y ap touye yo.

Epi tout moun ki pa p adore l pa p kapab achte oubyen vann. Ou pa p ka nèke ale

nan yon famasi, pa ekgzanp Walgreen's, epi ou pran mak bèt la. Se pa p yon bagay kote ou nèke

prezante nan yon biwo lapòs. "Èske yo ka ban m pis elektwonik pa m lan pou m ka achte oubyen vann?" Non,

Bib la trè klè. Ou dwe adore antekris la pou w ka resevwa pis elektwonik sa a? Gen deja plizyè dizèn ane de sa

te gen detektè manti. Kounye a, y ap devlope yon seri teknoloji skanè sèvo. Mwen

kwè ke pwobableman pou w ka resevwa mak bèt la, ou pral oblije

adore antekris la epi fè sèman ke w ap obeyi e w ap toujou fidèl a antekris la epi l ap konnen si w ap

di laverite.

Prezantatè Nouvèl: Syansfiksyon an la. Demen la kounye a.

Pastè Anderson: Anplis de sa, men si w reflechi sou sa, jounen jodi yo tèlman mete

kontwòl sou transpò a. Gen pwen kontwòl sou otowout yo pou lè w ap deplase pandan w ap kondi machin epi si w

eseye ale pa avyon, TSA pral fè w pase nan yon skanè dezabiyan,

epi sanble ke yo deja ap mete rezo kontwòl la an plas pou w pa kapab

kapab fonksyone nan sosyete a si w pa bese tèt devan bèt sa a epi adore bèt la

epi resevwa mak la.

Kent Hovind: Egzak. Epi yo pral bay manti sou nou. Jezi te di trè klè

ke yo pral rayi disip li yo poutèt li. Tout moun ki pa koopere avèk

nouvo lòd mondyal mèveye sa a ke y ap planifye a, yo pral gade yo kòm lènmi.

Annou gade lekòl pa egzanp, lè w ale ak timoun ou yo pou mete yo nan lekòl matènèl

epi yo di ou pa kapab si yo pa t vaksinen. Men si

vaksen ba w degoutans epi ou di: "Hey, mwen panse ke vaksen kapab koze otism. Yo kapab

koze anpil lòt bagay. Mwen pa konnen, men mwen pa vle pran chans. Epi mwen

pa wè okenn bagay ki sanble ak vaksen nan Ekriti a kote ou mete enpe pwazon nan kò w

pou w ka iminize kont li pi plis."

Pastè Anderson: Egzak! Egzak!

Kent Hovind: Reyalite a, sè ke lekòl la di ou pa ka vini si w pa vaksinen.

Konsa ou gen le chwa. Ou defann konviksyon w yo oubyen ou koube w epi w bay

timoun ou an vaksen an paske sa pi fasil? Se pral menm bagay la avèk mak bèt la. Se te

menm bagay la gen katreven zan de sa avèk nimewo sekirite sosyal yo. Sa te bay moun yo degoutans

pou yo ta gen yon nimewo. "Mwen gen yon non." Epi, apre sa, tou dousman nou vin rive aske kounye a

tout moun gen youn epi nou pa menm panse a sa ankò. Eske se etap en, de, oubyen twa

pou rive nan objektif final la ki se fè yon wayòm mondyal inifye?

Pastè Anderson: Yo mete Satan deyò nan syèl la. Li konnen se yon tikras tan li genyen. Li al fè

lagè kont kwayan yo ak sen yo. Nou konnen sa li fè? Li fè sa lè li enstale

yon nonm sou pouvwa a, pa vre? Dragon an ba li pouvwa li. Li mete yon nonm sou pouvwa a sou

lemond antye, sou tout fanmi ak tout lang. Epi nonm sa a pral fè lagè dyab la

kont sen yo. Bib la di nan vèsè :

(Revelasyon : -) "Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a.

Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon. Li pran tout pouvwa premie bèt la

pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore

premie bèt ki te blese amò men ki te geri a."

Pastè Anderson: Konsa, la a, nonm sa a ap egzije adorasyon. Men sa ki di nan vèsè :

(Revelasyon : -) "Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè

devan tout moun. Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo

lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè

devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt

ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an."

(Revelasyon :) "Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan.

Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun

ki pa adore li."

Pastè Anderson: Epi ou di: "Kisa sa ye imaj bèt sa ke yo bay

lavi a? Kòm n ap pwoche sa pi pre, Mwen panse ke nou ka konprann

teknoloji a yon ti kras pi plis, se konsa mwen pa vrèman konnen ekzakteman ki kalte imaj

sa pral ye. Men, se yon kalte imaj bèt la ki ka pale e ki lakòz

yo touye anpil moun ki pa adore li. Kounye a, sa fè m sonje Danyèl, chapit

. Nou sonje Nèbikadneza, wa mond sivilize a nan tan sa a? Ou sonje

li te fè yon gwo imaj epi moun yo te oblije adore imaj sa a? Ou sonje kisa ki te rive

si yo pa t adore imaj la? Yo te touye yo, pa vre? Èske sa pa sanble ak sa

nou wè la a? Se yon imaj antekris la. Gade nan vèsè . Men kle a:

(Revelasyon : -) "Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv,

esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.

Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon

nimewo ki koresponn ak non l' lan. Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la.

Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis ()."

Pastè Anderson: Sa a se youn nan zouti ke Satan ap itilize pou pèsekite moun ki kwè yo.

Mak bèt la se yon zouti ke l ap itilize pou fè lagè kont sen yo, paske

si w pa ka achte oubyen vann, li trè difisil pou w fonksyone nan mond

jodi a, pa vre? Oubyen nan nenpòt ki mond. Konsa, li pa sèlman fè yon lwa ki di si w pa

adore antekris la y ap touye w. Se yon pèsekisyon la a menm.

Se fè lagè kont pèp Bondye a. Li fè tou ke li enposib pou sen yo achte

oubyen vann paske yo pa gen mak bèt la, epi se sèlman moun ki adore bèt la

ke yo pral bay mak bèt la. Epi moun ki sove yo, moun ki

sen yo, yo pa p adore bèt la. Bib la klè sou sa nan Matye

ak lòt kote. Konsa, yo pa p kapab achte oubyen vann epi pral

gen yon kondanasyon a mò sou yo. Kounye a, imajine tèt ou nan moman sa a menm nan yon mond – e mwen pa di

nan yon nasyon, mwen pa t di nan yon peyi, mwen di nan yon MOND - kote ou pa ka achte

oubyen vann epi gen yon kondanasyon a mò kont ou. Èske w ka imajine

kijan sa ap difisil pou rete vivan nan yon mond konsa? Se pa sèlman sa, e

tout kamera siveyans sa a yo ke y ap enstale a? E kamera k ak siveye plak imatrikilasyon oto yo?

E skanè dezabiyan yo? E lefèt yo mande w montre pyès idantite w nan pwen kontwòl yo? Montre

pyès idantite w pou monte yon tren? Montre pyès idantite w pou monte yon avyon? Epi ou konn on bagay?

Trè pwochènman ou pral oblije montre yon lòt bagay. "Oke, ban nou wè men

dwat ou. Oke, ou mèt pase. Pase yon bòn joune." Nou pa egzajere ditou la a. Petèt

ke lè moun yo te konn li sa gen kèk santèn ane de sa, yo pa t konn gade l menm jan

nou gade l la. Lè nou gade l, li on tikras pi konkrè pa vre?

Se poutèt sa mwen panse ke li kapab pwòch. Kretyen yo jounen jodi a, yo pa pare pou sa

ditou. Yo pa pare ditou. Èske w konnen kisa w dwe fè? Ou dwe prepare

tèt ou espirityèlman epi pare pou w di: "Sa k ap pase la a?" Ou

fèt pou w pare. Ou dwe prepare w. Se poutèt sa Bondye avèti nou epi avèti nou epi

avèti nou epi avèti nou. Se poutèt sa Pòl te avèti moun yo nan epòk li a. Li evidan ke yo

pa t ap viv nan jou gran tribilasyon yo, men yo te sibi pwòp

tribilasyon pa yo menm jan chak kwayan fè sa. Li di: ( Thessalonians :) "Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans

nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm

ki rive nou." Se konsa, nou bezwen ke yo avèti nou epi konprann ke sa pral rive pou n

ka jere sa.

Sèn - Gen yon tan tou kout ki rete anvan sa rive

Ronald Rasmussen: Kretyen yo jounen jodi a, yo pa avèti osijè evènman ke yo pral fè fas a yo

nan gran tribilasyon an. Olye de sa, pastè ameriken yo ap anseye moun yo ke

anlèvman an pral fèt anvan antekris la fè gè li a kont sen yo epi ke

anlèvman an se pral premye evènman an nan kalandriye pwofetik Bondye a. Doktrin sa a,

ke yo rele "iminans" (lefèt gen yon tan tou kout anvan pou yon evènman rive), li anseye ke Kris la ka retounen nan nyaj yo nenpòt ki moman epi

pa p gen okenn siy ke Kris la ap vini. Sepandan, Bib la anseye ke vini Kris la

pa iminan e ke gen lòt evènman ki dwe fèt an premye.

Pastè Anderson: Ou te pwobableman tande doktrin sa a ki di Jezi ta kapab vini jodi a.

Ki moun ki tande yo di sa deja? Yo rele li retounen iminan Kris la. Yo kwè ke

Jezi ap retounen nenpòt ki moman. Mwen te mande moun yo anpil fwa lè yo di m

Jezi ka vini nenpòt ki moman, "Ki kote yo di sa nan Bib la?" Lèkonsa sa yo

toujou reponn mwen se: "Bib la di pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè

l ap vini." Epi, trè souvan yo nèke pa ka montre w li epi ou oblije ede yo

jwenn li. Epi, yo konn di: "Oke, mwen pa genyen li la a devan m. Mwen pa konnen ki chapit

egzakteman. Men, mwen konnen ke Jezi te di pèsonn pa konnen ni ki jou ni ni lè." Lèkonsa mwen di:

"Kite m 'ede ou. Li te di l nan Matye :.” Pèmèt mwen li pou ou sa Bib la di,

paske mwen vle montre w kouman sa pa ann akò avèk sa Bib la di. Se kouran dominan Krisyanism lan.

Si w ale nan yon libreri kretyen kounye a menm, y ap gen tout kalite liv

ak videyo. Epi kiyès ki deja tande pale de fim sa a, "Left Behind?" Se totalman yon istwa pou fè timoun dòmi.

Li pa gen anyen pou wè ak Bib la. Li pa ann akò menm avèk sa Bib la di. Men sa Bib la di nan Matye ::

(Matye :) "Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la.

Sèl Papa a konn sa."

Pastè Anderson: Konsa, moun yo pral pran vèsè sa a epi y ap di: "Ou wè la a? Pèsonn

pa konnen ni ki jou ni ki lè. Sa vle di ke sa ka rive nenpòt ki moman." Men, note ke

li di: "Men jou sa a (jou sa a), pèsonn pa konnen jou a ni lè a." Se konsa, kesyon an se,

"Ki jou?" Se jou ke yo fenk sot pale de li a. Men bagay la.

Lè nou retounen nan vèsè , li di ke jou sa a se apre tribilasyon an. Men sa ki di nan vèsè la:

(Matye :) "Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò,

lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki

nan syèl la va pran tranble."

Pastè Anderson: Li dekri evènman ki pral rive yo. Apre sa, li di:

(Matye :) "Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la.

Sèl Papa a konn sa."

Pastè Anderson: Konsa, nou pa konnen jou a ni lè a men yon sèl bagay nou konnen sè ke

se apre tribilasyon an. Moun ki kwè nan anlèvman anvan tribilasyon an pral fè

yon jimnastik entèlektyèl lè w ap eseye montre yo: "Gade, li di egzakteman la a APRE

TRIBILASYON AN." Lè sa a yo pral di: "Se pa osijè anlèvman an. Se

pa anlèvman an." Ou mande yo: "Kijan w fè konnen?" "Paske se apre

tribilasyon an. Alòske nou konnen ke anlèvman an fèt anvan tribilasyon an. "

Lè sa a, ou pral mande yo: "Men ki kote Bib la di ke anlèvman an kapab

fèt nenpòt ki moman? " "Ebyen, la a menm, li di ke pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè."

"Ou fenk di ke se osijè anlèvman an." Konsa, lè li di se apre tribilasyon an,

Matye se pa de anlèvman an la p pale. Men, lè li di ke pèsonn pa konnen ni ki jou ni

ki lè, toudenkou Matye se de anlèvman an li retounen ap pale. Epi lè li di va gen de gason nan yon menm

jaden, y ap pran youn, y ap kite lòt la, se de anlèvman an y ap pale ankò. "Nèke

fèmen bouch ou epi fè sa yo di w la. Nèke fèmen bouch ou epi kwè nan anlèvman anvan tribilasyon an paske

mwen di w sa." Ou di: "Bay tou de opinyon yo. Se pou w san patipri. Bay tou de opinyon yo." "Dakò, men

dezyèm opinyon an. Fèmen bouch ou epi kwè sa mwen di w di a epi sispann poze kesyon.

Fèmen bouch ou epi kwè paske mwen di w sa." Sa a se opinyon anvan tribilasyon an. Se vre. Yo pa

gen anyen! Mwen gen vèsè sou vèsè sou vèsè alòske yomenm

yo pa gen anyen. Omwen gen lòt fo doktrin ki chita sou tout kalte vèsè Labib

ke yo defòme oubyen ke yo soti nan kontèks yo

epi defòme. Anlèvman anvan tribilasyon an pa menm defòme yon Ekriti. Yo pa

menm gen yon Ekriti. Yo pa gen okenn Ekriti ki di anyen sou anlèvman

ki ta fèt anvan tribilasyon an. Se jis yon doktrin ki pa baze sou ankenn

bagay biblik. Li baze sou tradisyon. Li baze sou yon liv oubyen yon grafik ke yon moun te li.

Li pa baze sou Bib la. Li pa soti nan Bib la. Li pa gen

orijin li nan Bib la. Mwen konstate ke chak fwa Mwen esplike moun ki sou ban legliz yo sa,

yo pa gen okenn pwoblèm pou yo konprann doktrin sa a. Se moun ki dèyè chè legliz yo ki pa vle

konfwonte doktrin sa a, epi mwen pral di nou poukisa. Anlèvman anvan tribilasyon an se doktrin ki popilè a.

Pou w kapab popilè, se anlèvman anvan tribilasyon an ou dwe preche. Si w preche ke

anlèvman an vini apre tribilasyon an, y ap mete w aleka,

w ap pèdi popilarite w, kominote a ap rejte w, paske

yo pa vle chanje pozisyon yo sou doktrin sa a. Se paske gen moun deyò a ki gen

yon ajanda ki se asire yo ke pèsonn pa tande verite a sou doktrin sa a. Se vre. Epi,

fason ke yo kenbe doktrin sa a nan fè nwa se atravè laperèz ak entimidasyon. Se tout tan m ap

pale avèk pastè. Mwen montre yo verite a sou sijè sa a. Yo dakò avè m. Men, yo pa pral

kanpe dèyè chè yo epi preche doktrin sa a, paske yo pè pou yo tout

zanmi pastè yo pa vire do ba yo. Yo pa p resevwa envitasyon pou preche nan legliz yo.

Yo pa p kapab preche nan legliz sa a yo paske fòk ou se patizan

anlèvman anvan tribilasyon an pou w ka nan klèb la. Epi si w pa patizan anlèvman anvan tribilasyon, ou pa nan klèb la. Anpil

fwa yo pa p aksepte li paske yo pa vle wont lè yo rekonèt ke yo t ap

preche yon manti pandan tout ane sa a yo. Yo pa vle admèt sa. Yo pa vle

admèt ke lekòl Biblik yo a te anseye yo yon manti. Yo pa vle admèt ke yo

fè yon erè. Tout moun konn fè erè. Nou tout grandi. Nou tout aprann nouvo bagay. Si w an tò

sou yon bagay, fòk yo korije w sou li. Bib la di nan Galat ::

(Galat :) "Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi?

Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi."

Pastè Anderson: Predikatè sa a yo dwe deside si fè lèzòm plezi se sa ki pi enpòtan,

lè yo preche sa ki popilè, preche anlèvman anvan tribilasyon paske se sa tout moun

vle tande, paske yo renmen fim lan epi yo gen videyo gem lan, bòd gem lan

ak DVD a, oswa pran ak sa Bib la vrèman di a epi leve pou preche ke

anlèvman an vini apre tribilasyon an. Se yon egzanp pafè de moun k ap pran sa lèzòm

di olye yo pran sa Bondye di. Se yon egzanp klasik moun ki pa pran Bib la kòm

otorite final yo e k ap suiv tradisyon, k ap suiv sa yo te anseye yo, k ap suiv

sa moun ap di, k ap suiv kouran, olye yo suiv sa Bib la di.

Pastè Jimenez: Mwen te kwè nan anlèvman anvan tribilasyon an. Se sa yo te aprann mwen

lè m te piti epi ou pa janm vrèman remete an kesyon sa yo te aprann ou, men lè m te konfwonte avèk

verite epi m te kòmanse wè kisa Ekriti yo ak Bib la anseye reyèlman, mwen te oblije

fè yon chwa pèsonèl èske m te pral nèke kontinye nan menm wout la, èske m

te pral suiv mouvman an oubyen si m te pral pran pozisyon pou sa mwen kwè

epi pran pozisyon pou sa mwen te konnen ki verite. Nan lavi pèsonèl mwen yo te atake m epi

gen moun ki te pale m mal akoz de pozisyon m sou anlèvman anvan tribilasyon an,

men mwen espere ke petèt si w ap koute oubyen w ap gade sa a oubyen ou kòmanse

wè verite a sou kesyon sa a, ke w ap nèke soti nan ran an akoz de fwa ou epi ke w ap

pran pozisyon epi petèt ede nou ranvèse tandans lan kont doktrin anlèvman anvan tribilasyon sa a

ki pa ann akò avèk sa Bib la di.

Kent Hovind: Yon lòt vèsè kle ki te make m, se te Tesalonisyen, Chapit , Vèsè jiska

:

( Tesalonisyen :-) "Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt

[li fè referans a vini Seyè Jezikri a] pou l' sanble nou ansanm

bò kote li [yon referans a anlèvman an]. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou: Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil,

ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou,

pou yo fè nou kwè jou Seyè a [yon referans a anlèvman an ankò] rive deja."

Pastè Jimenez: Li di: "Gade, li pa IMINAN. Se pa pwochen evènman ki

pral rive a." Men sa ki di nan vèsè : "Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive (an palan

de jou lè nou pral rasanble ansanm lan), gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt.

Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan." Kidonk, la a li pwouve

nan Ekriti a ke jou rasanbleman nou ansanm ak Seyè Jezikri a

p ap vini san ke pa gen gen yon revòlt kont Bondye epi nou wè mechan ki deja kondane pou disparèt la. Sèl bagay

ki iminan se lefèt ke antekris la ap vini.

Pastè Anderson: Konsa Bib la di nou a klè ke jou Kris la se pa iminan.

Li te di ke si yon moun ap eseye di w ke jou Kris la iminan, moun sa a

se manti l ap ba w. Moun sa a se yon twonpè. Li di pa kite yon mo oubyen yon espri oubyen

yon lèt nou voye oubyen yon lèt yo pretann se nou ki voye l ki di ke jou Kris la iminan,

pa kite youn menm nan bagay sa a yo twonpe nou. Pa kite pesonn twonpe nou okenn fason. Jou sa a pa p vini san ke

X, Y, ak Z pa rive an premye. Tou senpleman, anlèvman an pa ka rive nenpòt ki moman. Tribilasyon an

dwe rive anvan. Antekris la dwe pran pouvwa a anvan. Solèy la ak lalin nan

pral vin tou nwa anvan jou gran e tèrib Seyè a rive. Bib la

vrèman klè. Jou sa a pa p vini san ke pa gen gen yon revòlt kont Bondye anvan

epi nou wè mechan ki deja kondane pou disparèt la. Nou pral wè Antekris la. Antekris la pral chita nan tanp

Bondye a epi deklare poukont pa l ke l se Bondye. Antekris la pral sou pouvwa a anvan anlèvman an

rive. Se osi senp ke sa. Men, si ou gade nan Lik , nan lòd kwonolojik, li vini

anvan Matye , paske Matye se yon pasaj ki paralèl a Lik . Se konsa, nan Lik

nou li osijè premye fwa yo anrejistre ke Jezi t ap anseye disip li yo sou

doktrin sa a. Bib la di:

(Lik :) Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive

pou Moun Bondye voye nan lachè a vini [Jezikri].

Pastè Anderson: Anpil moun pral pran sa a epi di ke sa vle di moun yo

pral move moun menm jan yo te ye nan tan Noe a. Epitou, li di sa ki te rive

nan tan Lòt la, se sa k ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.

Epi moun yo pral di: "Wi, tout bagay pral pèvèti menm jan sa te ye nan Sodòm ak Gomò."

Apre sa, yo pral sinyale tout bagay k ap pase nan sosyete nou an ki sanble anpil

avèk sa ki t ap pase nan Sodòm ak Gomò. Apre sa, yo pral di se pèvèsyon ki genyen menm jan

sa te ye nan Sodòm ak Gomò oubyen se pèvèsyon ki pral genyen menm jan sa te ye

nan tan Noe a. Men, se pa konparezon sa a Jezi fè.

Pastè Jimenez: Nan vèsè li di:

(Lik : -) "Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè,

yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan,

dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri."

Pastè Jimenez: Sa nou aprann nan pasaj sa a se lè yo mennen Lòt deyò

vil Sodòm lan, an reyalite se yon imaj anlèvman an. Nou wè de zanj Bondye ki antre nan lavil Sodòm ki

reprezante lemond epi fè kwayan yo soti anvan kòlè Bondye a frape

vil la. Liv Revelasyon an anseye menm bagay la. Bib la di nan liv

Revelasyon an ke Seyè Jezikri voye zanj li yo pou rasanble moun ki kwè yo epi

fè yo soti nan mond lan. Liv Revelasyon an presize pou nou ke yon demi èdtan pase

epi, Li kòmanse vide kòlè li.

Sèn - Deskripsyon Anlèvman an

Pastè Anderson: Senaryo "Left Behind" sa a kote tout moun disparèt epi tout lòt moun yo

ap mande "Ki kote yo ale?" se pa sa moun yo pral di. Paske

Bib la di ke menm jou y ap anlve nou an Bondye pral kòmanse

vide jijman li. Bondye pral kòmanse vide yon lapli dife ak souf sou tè sa a. Moun yo

pral konnen ke gen yon bagay k ap pase. Moun yo pral kouri pou yo abrite yo.

Moun yo pral mande gwo wòch yo pou yo tonbe sou yo epi kache yo akòz

dife a, souf la ak kòlè ki pral vini an. Menm jou y ap anlve nou

pou retire nou isit la, se menm jou a Bondye pral kòmanse vide kòlè li. Se poutèt sa

lè solèy la ak lalin nan ap vin tou nwa, Bib la di gran jou kòlè li a rive,

epi ki moun ki pral kapab rete vivan? Paske ke menm jou sa a, yon demi èdtan apre, Bondye kòmanse vide yon lapli

dife ak souf. Konsa, nan chapit sis liv Revelasyon an, solèy la ak lalin nan vin tou nwa. Nan chapit sèt,

gwo foul moun ki kwè yo parèt nan syèl la. Nan chapit uit, li kòmanse vide

kòlè li. Se ekzakteman sa Bib la anseye nan Matye . Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, epi

anlèvman an vini. Se osi senp ke sa. Mwen pale avèk moun ki kwè nan anlèvman anvan tribilasyon an,

anjeneral yo reponn mwen youn nan de fason sa a yo. Swa yo di m ke

anlèvman an pa menm mansyone nan liv Revelasyon an, sa ki se yon deklarasyon ki dwòl anpil

paske liv Revelasyon an dekri evènman fen tan yo avèk

yon pakèt detay. Di ke w pa wè yo pale de yon evènman enpòtan anpil tankou vini Jezikri nan nwaj yo ak

anlèvman tout kwayan tout epòk yo ... se

yon evènman tèlman enpòtan. Pou di ke li pa mansyone ditou nan liv Revelasyon an,

oubyen ke sa pa rive nan tout liv Revelasyon an, se yon bagay ki etonan. Men, paske

li tèlman ridikil pou di ke anlèvman an pa nan liv Revelasyon an ditou,

gen anpil patizan anlèvman anvan tribilasyon an ki eseye chèche yon bagay ke yo

ta kapab itilize tankou yon anlèvman ki fèt anvan tribilasyon an, epi men sa mwen kontinye ap tande

tout tan - Revelasyon :. Revelasyon : di:

(Revelasyon :) "Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan sièl la.

Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m' anvan an, di m' konsa:

Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa."

Pastè Anderson: Se yon vwa ki tankou yon twonpèt (klewon). Pa gen twonpèt nan vèsè sa a

k ap pale ak Jan ki se yon sèl moun e ki di: "Moute bò isit, m'a fè OU wè sa

ki gen pou rive apre sa." Apre sa, yo pral di: "Ou wè, sa a

se anlèvman an." Yon sèl nonm ke yo pran epi yo di se anlèvman an. Sa ki ridikil

nan bagay sa a, sè ke yo pa menm li vèsè a. Paske nan vèsè a, men sa ki di:

(Revelasyon :) "Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy

nan sièl la ak yon moun chita sou li."

Pastè Anderson: Anlèvman an se pa yon lespri ki monte nan syèl la. Anlèvman an se yon rezirèksyon

kò. Nou pral anlve nou fizikman anlè. Se pa lespri nou

k ap monte. Bib la klè ke anlèvman an se literalman,

rezirèksyon kò moun sa a yo ki mouri nan Kris la ki va resisite an premye. Nou menm ki vivan

e ki rete, yo pral anlve nou fizikman ansanm avèk li. Konsa, anlèvman espirityèl

yon sèl moun sa a ki se Jan, li sèten ke se pa anlèvman an. Epi, si w panse ke sa a se

anlèvman an, ou aksepte yon entèpretasyon ki laj anpil. Se yon bagay ki komik lefèt ke moun

mwen pale avèk yo a e ki kwè nan anlèvman anvan tribilasyon an, yon pretann ke y ap entèprete Bib la literalman.

Men lè w mande yo montre w anlèvman an nan liv Revelasyon an, yo pral mennen w nan Revelasyon

:. Yon sèl nonm ke yo anlve nan syèl la. Yo pa menm li Vèsè a kote li di:

"Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li." Li pa t

menm monte fizikman. Kò li te la toujou sou zile Patmòs la. Moun ki mouri nan Kris yo

va leve an premye. Apre sa, noumenm ki vivan e ki rete, yo pral anlve nou fizikman ansanm

avèk yo nan nyaj yo. Sa se pa sèlman yon kalte evènman espirityèl. Sa a se yon

evènman fizik. Se vrèman yon gwo egzajerasyon pou w di ke sa a, se anlèvman an. Moun ki

kwè nan yon anlèvman anvan tribilasyon oblije di ke Revelasyon : se anlèvman an

paske se sèl bagay la sèlman ke yo ka jwenn nan liv Revelasyon an anvan

tribilasyon an. E li vrèman pa koresponn. Mwen sipoze ke yo te oblije degaje yo pou eseye jwenn yon bagay. Yo te anseye mwen

anlèvman anvan tribilasyon an pandan m t ap grandi. . Yo te anseye m ke

yo pa janm mansyone li nan liv Revelasyon an. Mwen te toujou panse ke te yon bagay sispèk

nan kesyon sa a. Yon evènman enpòtan anpil konsa ke anlèvman an ye ... alòske nou gen yon liv sou

sou pwofesi lafen di mond lan, liv Revelasyon an, epi yo rete konsa yo pa mansyone anlèvman an? Sa pa fè

sans menm. Yo te toujou anseye m pandan m te jenn ti gason ke anlèvman an se ta yon disparisyon

toudenkou pandan w ap viv lavi w. Men, li sitèlman pi gran

pase sa, paske Bib la di ke tou je pral wè li. Nou pral wè solèy la

ak lalin nan vin tou nwa. Men sa ki di nan Lik :: Lè bagay sa yo va kòmanse rive,

leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou." Imajine kijan moman sa a

pral ye lè solèy la vin tou nwa, lalin nan vin tou nwa, zetwal yo ki pral kòmanse tonbe,

epi nou pral gade epi n ap konnen se evènman an ki rive. Li rive Kounye a. Nou reyisi.

Kent Hovind: Li enpe tankou yon antre Hollywood. Èske w konn wè lè gwo sipèsta

ap antre yon kote? Yo toujou gen limyè k ap flache epi kout kanon

epi lafimen ak tout lòt bagay yo. Yo vle enpresyone moun. "Hey, gade m." Si w li

Revelasyon chapit oubyen Matye , Mak , oubyen Lik , chak pasaj sa a yo ki

dekri solèy la ak lalin nan ki vin tou nwa, se vrèman ekstraòdinè lè w ap li pasaj sa a yo. Solèy la

ak lalin nan vin fè nwa, sa ki pral atire atansyon tout moun sou lat.

Men, yo di tou ke pral gen yon tranblemanntè. Konsa, si w avèg, sa pral atire atansyon w

kanmèm.

Pastè Anderson: Epi nan moman fènwa total sa a, Jezikri ap vini nan

nyaj yo, pandan l ap klere tout syèl la. Bib la di ke li pral klere syèl la tankou yon zèklè

k ap klere soti nan yon pwent syèl la pou rive nan lòt pwent lan, epi n ap gade anlè epi n ap wè

Jezikri k ap vini nan nyaj yo. Nou pral konnen ke nan nenpòt yo pral anlve nou

pou nou kapab avèk li. Mwen espere ke m ap viv pou m wè jou sa a. Mwen pa konnen si sa pral

rive pandan tan n ap viv la. Mwen espere ke sa pral rive pandan tan m ap viv la. Mwen espere m ap kapab sipòte

pèsekisyon sa a ak tribilasyon sa a. Ala yon bagay ki ta mèveye si m ta vivan jou sa a

lè Jezikri ap retounen nan nyaj yo. Sa tèlman pi gran pase sa yo te fè

nou kwè a.

Kent Hovind: Lide sa a ke pral gen yon dezyèm vini sekrè kote moun yo

pral mande tèt yo apre kisa ki sot rive la a, se pa vre. Sa pral atire atansyon

tout moun avèk gran antre Hollywood sa a.

Pastè Anderson: Ou gen rezon a san pou san. Nan Nan Revelasyon Chapit , men sa ki di: "Gade. Men Kris la

ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l." Note ke vèb "vini" an o tan

prezan. Se dezyèm fwa li vini. L ap vini vini avèk nyaj yo epi tou je va

wè li. Se yon bagay ki byen klè. Moun ki pa sove yo, sa pral fè yo pè dènye degre. Bib la

di ke lè yo wè l k ap vini nan nyaj yo, yo pral gen lapenn,

yo pral kriye, yo pral pè dènye degre. Men, moun pami nou

k ap tann li vini yo, nou pral eksite, nou pral gen yon gwo kontantman,

epi se pral yon santiman ektraòdinè dèske nou konnen ke se kounye a.

Sèn - Konklizyon

Pastè Jimenez: Espwa mwen sè ke fim sa a se yon siksè. Mwen ta kontan anpil ke

Bondye itilize fim sa a pou louvri je moun yo pou yo ka wè verite a. Mwen panse li tèlman

enpòtan ke nou retounen nan Bib la. Mwen sonje lè m te adolesan epi mwen

t ap grandi, mwen pa t menm renmen li liv Revelasyon an jis paske mwen te panse

m pa t ap kapab konprann li oubyen chak fwa mwen t ap li yon bagay, mwen te mande:

"Èske se sa sa di vrèman? Èske se sa sa vle di vrèman? " Lè m te vin kapab konprann

verite a sou anlèvman an, sa te ouvri Ekriti yo pou mwen. Mwen renmen li liv

Revelasyon an kounye a. Lè m ap fè ti lekti rapid ladan li, sa gen yon sans. Mwen panse ke

si nou kapab touche mouvman Kretyente a, mouvman fondamantalis la,

mouvman Batis yo, epi nou ta kapab ouvri je yo sou kesyon sa a, lè sa a

petèt ke sa va pote yon lanmou pou pawòl Bondye a ak yon renouvo pawòl Bondye a ak yon

renouvo etid pawòl Bondye nan chè legliz peyi nou an, epi nou ta kapab vrèman

wè yon gwo travay ki fèt pou Bondye.

Pastè Anderson: Rezon ki fè nou fè fim sa a se pa yon tantativ chèche pwoblèm san sa pa nesesè nan doktrin yo oubyen

yon tantativ pou korije yon moun ki gen yon vizyon pwofesi biblik la ki on ti jan diferan de pa nou an. Se pa

objektif nou sa. Evènman sa a yo se evènman reyèl ki pral rive. Bib la di nou PRAL

gen yon gouvènman mondyal inifye. PRAL gen yon relijyon mondyal inifye. PRAL gen

yon lajan mondyal inifye. Sa a se pa sèlman yon teyori konplo ke moun kapab voye jete. Evènman sa a yo

pral rive reyèlman vre. Yo pral touye moun yo an mas (pa pil e pa pakèt). Pral gen

gwo grangou. Pral gen epidemi. Pral gen pèsekisyon. Bagay sa a yo

pral fèt yon fason ke mond sa a poko janm viv epi Kretyen yo pa

prepare pou sa ditou. Paske yo te kwè nan yon istwa pou fè timoun dòmi anlèvman anvan

tribilasyon. Mwen kwè nan anlèvman an. Se yon doktrin biblik. Men, anlèvman an vini

APRE tribilasyon an.

Pastè Jimenez: Ou di: "Pastè Jimenez, ki pwoblèm ki genyen?" Men pwoblèm lan.

Anlèvman anvan tribilasyon an se yon doktrin mwen kwè ki ban nou santiman ke sa n ap fè a

pa grav. Paske kèlkanswa sa ki rive, m ap mouri an pè, granmoun,

oubyen mwen pral viv lavi mwen, pran vakans mwen, envesti pou retrèt mwen,

viv "la belle vie" epi, yon jou, m ap nèke disparèt anvan yon move bagay rive.

Yo anseye plizyè milyon moun doktrin sa a e mwen panse ke li vin fè nou

parese epi trè satisfè de fwa kretyen nou an. Nou dwe preche levanjil la. Nou dwe

soti deyò. Nou dwe edike moun yo epi di yo: "Gade, gen pèsekisyon ki pral vini.

Pran ti vakans nou, fè tout sa nou gen pou n fè, men nou ta dwe

ranfòse moun ki andedan nou an. Ou ta dwe li Bib la. Ou ta dwe kòmanse aprann

Bib la. Ou ta dwe kòmanse mache avèk Bondye epi konnen Bondye. Ou ta dwe kòmanse li

Bib la, paske gen yon jou ki ka rive ke y ap retire Bib la nan men w." Jodi a nou gen

tout libète nou pou nou reyini, pou nou louvri Bib la epi preche pawòl Bondye a men,

gen yon jou ki ka rive ke asanble sa a pral ilegal, ke Bib sa a pral

ilegal, ke sa n ap fè kounye a pral ilegal. Si nou gen yon kè

pou Bondye, n ap touche moun yo ak levanjil Jezikri a.

Pastè Anderson: Tout sa pou nou di: Mwen di nou bagay sa a yo pou nou

pa dekouraje lè pèsekisyon an vini. Lè y ap mande nou pran mak bèt la

nan men dwat nou oubyen nan fwon nou, nou pral sonje prèch sa a. Petèt ke sa pa p rive

pandan tan n ap viv la, petèt ke sa va rive pandan vi nou, men, nou va sonje prèch sa a. Se poutèt sa

Jezi te di sa e se poutèt sa m ap di sa. Ou di: "Èske se pou fè nou pè?" Non,

Bib la di ke nan mond lan nou pral gen tribilasyon. Fache akòz de sa? Non. Jezi te di:

(Jan :) "Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, Lemonn deja pèdi devan mwen."

Pran kouraj! Pa tris! Pa kite prèch sa a pandan w ap di: "O nèg pa, èske w serye?

Koupe tèt? Prizon? Gwo grangou? Epidemi? Èske w serye? " Non, se pou n gen kè kontan! Lemond deja

pèdi devan l. Petèt sa va rive pandan tan n ap viv la, petèt sa p ap rive pandan tan n ap viv la. Men, nan tou de ka yo,

si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou? Lwanj pou Jezikri! Annou bese tèt nou

epi lapriyè. Papa, nou remèsye w anpil pou verite klè ki nan pawòl ou yo

epi nou di w mèsi anpil poutèt ou ban nou Espri Sen an pou gide nou. Mwen pa t ap kapab

konprann sa poukont mwen avèk tout lavaj sèvo mwen te resevwa nan men moun sa yo

ki te ban m manti, ak nan men Scofield, men mwen di w mèsi pou Espri Sen an ki, nan pyès sa a, gen

anpil ane de sa te pèse tout bagay sa a yo epi ki te boule twa mo sa a yo nan lespri mwen. Twa mo sa a yo

te boule nan lespri mwen soti nan Matye lè m te yon ti gason an: APRE TRIBILASYON AN.

Mwen priye pou mo sa yo antre nan kè ak nan lespri chak moun ki la a

aswè a. Nou renmen w e nou di w mèsi epi nan non Jezi nou lapriyè, amèn. Annou chante

yon chante rapid anvan nou ale.

-

MIZIK: Li byen ak nanm mwen

Pastè Jimenez: Sa a se chante mwen pi renmen an, epi nou pral chante kouplè mwen pi renmen an

kounye a. Anpil fwa lè w ap chante ou nèke kòmanse chante. Ou pa vrèman

panse a pawòl yo e a sa ke w ap di a. Gade nan twazyèm kouplè chante sa a.

Li di: "Peche m lan, O, bonè, panse ki gen glwa sa a." Ou di: "Men, ki bonè

ki genyen lè m panse a peche m yo?" Men, gade kisa li di. Li di: "Li kloure

sou kwa a e mwen pa pote l ankò. Louwe Seyè a, louwe Seyè a, O, nanm mwen."

Nèke panse a mo sa a yo lè w ap chante li. Chante li, epi n ap pare pou

prèch sa a.

Peche m lan, O, bonè panse ki gen glwa sa a! Peche m lan, pa an pati men ann antye,

li kloure sou kwa a, epi mwen pa pote l ankò, Louwe Seyè a, louwe Seyè a, O nanm mwen!

Li byen ak nanm mwen, Li byen, li byen, ak nanm mwen.

Epi Seyè, fè l vini pi vit, jou lafwa m lan va vizyon,

Yo va woule nyaj yo tankou yon fèy papye; Twonpèt la va sonnen, epi Seyè a va

desann, Menm konsa, li byen ak nanm mwen.

Li byen, ak nanm mwen, Li byen, li byen, ak nanm mwen.

-

Bib la trè klè sou sali a (lefèt n ap sove). Li pa baze sou nan ki degre ou bon. Anpil moun

panse ke yo trè bon moun epi yo pral nan syèl paske yo trè bon moun.

Men, Bib la di nan Women :: "Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. " Bib la di nan Women ::

"Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn." Mwen pa mache dwat devan Bondye.

Ou pa mache dwat devan Bondye. Men, si se te lefèt nou se bon moun ki te fè nou ale nan syèl la, okenn moun

pa te prale nan syèl la.

. Admèt ou se yon pechè.

Bib la menm di nan Revelasyon ::

(Revelasyon :) Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo,

moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak [koute sa] - MOUN K'AP BAY MANTI, plas yo se

nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a."

Mwen te bay manti anvan moman nou ye la. Tout moun te bay manti anvan moman nou ye la a. Nou tout fè peche, epi nou te fè bagay

ki pi mal pase bay manti. Ann avwe sa. Nou tout merite lanfè.

. Reyalize pinisyon ke peche w la merite.

Men, Bib la di:

(Women : ) Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la

mouri pou nou."

Konsa, Jezikri te vin sou tè sa a paske li renmen nou. Bib la di li te parèt

tankou yon moun. Bondye te pran fòm yon moun. Li te viv yon vi san peche. Li pa t

fè ankenn peche. Natirèlman, yo bat Li, yo krache sou Li epi yo kloure L sou kwa a. Bib la di

ke lè Li te sou kwa sa a "Kris la te pote peche nou yo nan kò li

sou bwa a." ( Pyè :) Konsa, tout peche ou te fè, tout peche mwen te fè, se kòm si se Jezi

ki te fè yo. Yo te pini l pou peche nou yo. Natirèlman, yo pran kò li lè li

mouri epi yo antere l nan kavo a, epi nanm li desann nan lanfè pou twa jou ak

twa nuit, dapre Travay :. Twa jou apre, Li resisite so t nan pami mò yo. Li montre

disip yo twou ki nan men l yo. Bib la vrèman klè ke Jezi te mouri pou

tout moun. Bib la di: "…pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun

tou" dapre ( Jean :) Men, gen yon bagay nou dwe fè pou nou sove. Bib la gen kesyon sa a

nan Travay : Kisa pou m fè pou m ka sove? Men sa ki di:

(Travay :) "Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou."

Sa sèlman! Li pa t di: "Ale nan yon legliz epi ou va sove. Batize

epi ou va sove. Mennen yon vi ki dwat epi ou va sove. Repanti w de tout peche w yo

epi ou va sove." Non. Li di: "Kwè."

. Kwè ke Jezi te mouri, yo te antere l, epi li resisite pou ou.

Menm vèsè ki pi popilè nan tout Bib la, sa ki ekri sou anba gode

In-N-Out Burger la, li tèlman popilè ke tout moun deja tande li: Jan ::

(Jan :) "Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki

va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an."

"Ki pa p janm fini" vle di "ki pa p janm fini". Sa vle di pou tout tan. Jezi te di:

(Jan :) "Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri,

pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen."

Bib la di nan Jan ::

(Jan :) "Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an."

Konsa, si w kwè nan Jezikri, ou gen lavi etènèl, dapre Bib la. Ou pral

viv pou tout tan. Ou pa ka pèdi sali w la. Li etènèl. Li pa p janm fini.

Yon fwa ke w sove, yon fwa ke w kwè nan li, ou sove pou tout tan kèlkanswa sa ki rive,

ou pa janm ka pèdi sali w la. Menm si mwen soti epi mwen fè yon peche tèrib,

Bondye ap pini m pou li sou tè sa a. Si m ta soti epi m touye yon moun jodi a, Bondye

pral asire l ke mwen jwenn pinisyon. Mwen pral nan prizon oubyen, pi mal toujou, mwen pral

resevwa pèn lanmò a, oubyen kèlkeswa sa tè sa a ban mwen kòm pinisyon. Bondye pral asire l ke

mwen pral jwenn yon pinisyon ki pi sevè toujou. Men, Mwen pa pral nan lanfè. Pa gen anyen

mwen kapab fè pou m al nan lanfè paske mwen sove. Epi, si mwen pral nan lanfè, Bondye te bay manti, paske Li

te pwomèt ke kèlkanswa moun ki kwè nan Li gen lavi etènèl. Li te di:

(Jan :) "Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri."

Se poutèt sa, gen anpil egzanp moun nan Bib la ki te fè dè bagay trè grav

poutan yo rive ale nan syèl. Kijan? Paske yo te tèlman bon? Non. Se paske yo

te kwè nan Seyè Jezikri a. Peche yo yo padone. Lòt moun ki ka te viv

yon vi ki pi dwat nan je mond lan, oubyen petèt menm ke yo te vrèman viv yon vi ki pi dwat, si

yo pa kwè nan Kris la, yo pral gen pou yo ale nan lanfè pou yo ka jwenn pinisyon pou

peche yo.

. Konte sou Kris sèlman kòm sovè w.

Pèmèt mwen fini ak panse sa a, ke m te vle asire m m ap ban nou

jodi a. Se yon kesyon ke youn nan disip Jezi yo te poze l. Kesyon an

se te: Èske moun ki sove yo pa anpil? Sa a se yon bon kesyon, pa vre? Èske pifò moun sove?

Oubyen èske se yon tikras ki sove? Ki moun la ki panse pifò moun nan mond sa a pral nan

syèl? Devine kisa repons lan te ye? Men sa ki di nan Matye :

(Matye :-) "Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la

ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la,

chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn

li."

Apre sa, li kontinye pandan li di yo:

(Matye : -) "Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre

nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive,

anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te

chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo:

Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal."

Pou kòmanse, majorite moun nan mond sa a pa menm di yo kwè nan Jezi. Erezman,

majorite moun nan sal klas sa a di ke yo kwè nan Jezi. Men, majorite moun nan mond lan

pa di li kwè nan Jezi. Men, Bondye te avèti ke menm pami moun ki di yo kwè

nan Jezi yo, menm pami moun ki rele li Seyè, anpil pral di li: "Nou fè

anpil bon zèv. Poukisa nou pa sove? " L ap di: "Wete kò nou sou

mwen, mwen pa t janm konnen ou." Se paske se pa zèv ki bay sali a. Epi, si w

konte sou pwòp zèv ou pou sove, si w panse w pral nan syèl la paske w te

batize, oubyen si w panse "Bon, mwen panse ou dwe mennen yon vi ki dwat. Mwen panse

ou dwe respekte kòmandman yo pou w sove. Mwen panse ou dwe ale legliz. mwen panse

ou dwe repanti w pou peche w yo ... " Si w konte sou zèv ou yo, Jezi

pral di w yon jou: "Wete kò w sou mwen, mwen pa t janm konnen ou." Ou dwe

mete tout lafwa w nan sa li te fè. Ou dwe mete lafwa w nan sa Jezi te fè sou

kwa a, lè li te mouri pou ou epi yo te antere l epi li te resisite. Sa a se tikè w pou

syèl la. Si w kwè: "O, mwen pral nan syèl paske mwen sitèlman se yon bon

Kretyen epi mwen fè tout bèl zèv sa a yo", li pral di: "Wete kò nou sou mwen!"

Epi note sa Li te di: "Wete kò nou sou mwen, Mwen pa t JANM te konnen nou. " Li pa di: "Mwen te konnen w

anvan." Paske yon fwa Li konnen ou, jan mwen te mansyone sa anwo a, se pou tout tan. Se pou letènite.

Yon fwa Li konnen ou, ou sove pou tout tan. Men Li pral di: "Wete kò w sou mwen,

Mwen pa janm te konnen ou." Si w ale nan lanfè, se paske Li pa t janm konnen ou. Yon fwa Li konnen ou,

Li konnen ou. Se menm jan an pitit mwen yo ap toujou rete pitit mwen yo. Lè w fèt

yon dezyèm fwa, lè w se pitit Li, w ap toujou rete pitit Li. Gendwa se oumenm ki

grenn senk lan nan fanmi an. Ou gendwa se yon moun Bondye bay pinisyon ki di anpil sou tè sa a.

Ou ka betize lavi w sou latè, men ou pa kapab betize sa a. Ou sove.

Se yon kesyon ki regle. Kidonk, se bagay ki pi enpòtan ke m te vle prezante nou osijè

fen tan yo. Rete kèk minit sèlman pou kesyon osijè sali a oubyen

fen tan yo.

Chè Jezi, mwen konnen mwen se yon pechè. Mwen konnen ke mwen merite ale nan lanfè, men mwen kwè

ou te mouri pou mwen sou lakwa epi w resisite. Tanpri sove m kounye a epi ban mwen lavi ki p ap janm

fini an. Se nan ou sèlman mwen kwè, Jezi. Amèn.

 

 

 

mouseover